Accessibility links

Breaking News

Yon Gwoup Palmantè Ameriken Boukle yon Vizit nan Peyi Dayiti


Yon delegasyon Kongrè Ameriken an avèk kèk manm yon gwoup ki rele "Haiti Support Project" fini yon vizit 5 jou yo tap fè Ayiti. Pandan vizit sa a, gwoup la te al vizite kote yo vizite Milot, yon rejyon nan Nò peyi a. Delegasyon an te rankontre tou plizyè pèsonalite ak manm palman ayisyen an. Korespondan Sèvis Kreyòl la, Rotchild François Jr., kouvri tèm sa a pou nou.

Antretan, Republik Dominikèn kontinye ap deplwaye ajan fwontalye sou lizyè li avèk Ayiti pou anpeche ayisyen ilegal, dwòg ak zam antre sou tèritwa li. Colette Lespinasse, responsab Gwoup Apui pou Refujye Ayisyen yo nan peyi panyòl, di Santo-Domingo adopte nouvo dispozisyon sa a (ki afekte anpil komès ant sou fwontyè a) san'l pat konsulte gouvènman ayisyen an.

Kolaboratè'n Jean Pierre Leroy te kouvri dosye sa a ak madan Lespinasse.

Yon lòt kote, nan rejyon Plato Santral la, Rezo Nasyonal Defans Dwazumen denonse fason justis la ap aplike nan vil Mirebalais kote gwoup la di responsab yo kenbe nan prizon <ti vòlè dèyè manman> pandan ya'p libere trafikan dwòg. E nan Kap Ayisyen, responsab Edukasyon Nasyonal yo inogure Pwojè Univèsite Publik Du Nò a.

Ale sou lyen ki anlè atik sa a pou devlopman tit sa yo avèk Ronald Cesar, Rotchild François Jr., Jean-Pierre Lerory, Jean Christophe Collegue ak Yvan Martin Jasmin

XS
SM
MD
LG