Accessibility links

Breaking News

UEFA Louvri Yon Ankèt sou yon Klub Italyen


Football

Unyon Football Eropyen an louvri yon pwosedu disiplinè kont Milan AC ak gadyen brezilyen Dida apre yon match lig dè chanpyon klub Italyen an te jwe kont klub Ekosè Celtic Glasgow. Dida te tonbe sou teren an nan sa ki sanble yon kalòt li ta resevwa nan men yon fanatik. Dida te rapousib fanatik la avan li te sot tonbe. Responsab Celtic yo radye fanatik pou l pa asiste oken rankont klub pou yon dure endefini.

Aktyalite Spòtif la sou kontinan Eropeyen an nap kòmanse an Espay , 7e jounen Liga , Real Madrid kontinue ap genyen san konvenk . Apre viktwa 2-0 li ranpòte an deplasman sou Recreativo , li toujou ann tèt klasman-an. FC Barselòn ki van-nen Atletiko Madrid 3-0 monte an 2e pozisyon devan Vilareal ki chute apre defèt-li 3-2 devan Ossasouna. Valans ki pèdu devan Espayòl Barselòn 1-2.

Ann Almay : nou rive nan 9e jounen Bundechliga-a : Bayern de Munik ki van-nen Nuremberg 3-0 kreye plis ekar nan klasman-an ki genyen yon nouvo 2e apre viktwa Karlsruhe sou Shalke 04 2-0 . Verder de Brem ki kale Hanovre 3-1 monte an 3e. 4e plas-la nan men Hambourg ki kale Arminia 1-0 . Nap siyale viktwa Hanovre sou Stoutgat 2-0.

Ann Angletèr se 9e jounen chanpyona premyè divizyon: Les grands ont gagné sof Liverpool ki fè match nul 2-2 ak Totenham e ki okupe 4e plas-la . Arsenal , numewo 1 kale Sunderland 3-2. Arsenal devan Manchester United ki li-menm van-nen Wigan 4-0. E Manchester City 3e kale Middlesbrough 1-0. Nap siyale viktwa Tchelsi sou Bolton 1-0.

Ann Itali, 7e jounen Calcio-a : Inter de Milan ki kale Naple 2-1 pwofite de nul 1-1 ki soti nan dèbi Fiorentina (4e) -Jouvenstous de Turin (2e) . As Wom ki 3e nan klasman-an van-nen Parm 3-0.

Yon delegasyon FIFA rive an Afrik du Sud kote yo pral enspekte enstalasyon spòtif kap akeyi koup du mond football FIFA an 2010. REsponsab Sud Afriken yo di yo espere delegasyon an ap konstate pwogrè ki fèt nan konstruksyon stad yo. Visit la ap fini Mèkredi.

Nan Karayib la Ayiti ap pare pou l akeyi 2 zièm tou eliminatwa Je Zolenpik Peken 2008 yo ak patisipasyon Bahamas ak Jamayik. Demen Madi a Ayiti ap rankontre Bahamas.

Cyclisme

Ekip siklis T Mobil ki baze an Almay anonse yap rate 2 dènye konpetisyon fen ane a apre ekip la te enplike nan eskandal dopaj pou sezon an.

Marathon Chikago a ki dewoule yè Dimanch la pa gen gwo enpak nan klasifikasyon maraton mondyal pou sezon 2006-2007 la. 5 meyè klase kategori maskulen ak feminen nan maraton Boston, Lond, Berlen, Chikago ak New York resevwa 500 mil dola eksepte maratonyen ki klase 2 zièm ak 3 zièm ki pa resevwa menm yon santim. Kourè Kenyan klase an premyè pozisyon ak 80 pwen menm lè li fini 4 trièm nan maraton Chikago a. Venkè maraton chikago kategori feminen Etyopyèn Berhane Adere klase 2 zièm a egalite ak Lituanyen Jelena Prikopcuka ak 55 pwen yo chak dèyè Etyopyen Gete Wami ki klase an premyè pozisyon an 65 pwen.

An palan de marathon Chikago a yon kourè mouri ak plizyè santè n lòt resevwa asistans medikal pandan konpetisyon ki dewoule anba yon gwo chalè.Kourè Kenyan Patrick Ivutu ranpòte maraton Chikago a pou yon 5 kièm ane afile devan Maroken Jaouad Gharib.

Bò kote meda m yo chanpyon an tit la Etyopyen Berhane Adere konsève tit la fas a nouvo venu Adriana Pirtea ki pèdu a 600 mèt liy darive a. Anviwon 36 mil atlèt, ki te soit nan 120 peyi ak 50 eta ameriken te patisipe nan konpetisyon an. Nan Arlington Virjini yon moun mouri tou pre liy darive a nan kous 16 kilomèt lame ameriken òganize chak ane.

Washington Redskins wouze Detroit Lions ak yon swif 34 a 3 nan kad 5 kièm jounen chanpyona football zèpòl kare ameriken an. New England Patriots kontinye ap byen men-nen apre yo kale Cleveland Browns 34 a 17 pou 5 kièm viktwa afile l. Chanpyon an tit la Indianapolis Colts ranpòte 5 kièm viktwa yo tou apre yo woule Tampa Bay 33 a 14.Green Bay Pakers subi premye defèt li nan lig la fas a Chikago Bears 27 a 20.. New York Giants kale New York Jets 35 a 24. Miami Dolphins tonbe devan Houston Teksans 22 a 19.

Tennis

Espayòl Rommy Robredo ranpòte tounwa tenis Open Moselle la ki tap dewoule nan Metz an Frans gras ak 3 manch 0-6, 6-2, 6-3 li ranpòte devan Ekosè Andy Murray.

Nap mete tèt nou pou peyi Larusi pi presizeman nan vil Moskou kote Marion Bartoli kale ukrenyèn Aloba Bondarenco an 2 sèt : 6-2, 7-5. Bartoli ap rankontre nan pwochen tou-a ak rus Vera Douchevina ki mete deyò Danilou moun peyi La Grès an 2 sèt :7-5, 6-1. Yon lòt kalifye ankò se Patty Schnider

XS
SM
MD
LG