Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Dispozisyon Lapolis pou l Kontwole Tantative Gang Ame Vle Fè Pou yo Retabli Ensekirite nan Peyi a.


Nan peyi Dayiti, otorite lapolis yo anonse y ap pran tout dispozisyon ki nesesè pou yo mete kontwòl sou gang ame k ap eseye tabli ensekirite ankò nan peyi a. Yon lòt kote, yon delegasyon ofisyèl ayisyen k ap vizite Washington depi kòmansman semèn nan, rankontre ak otoriote ameriken yo, tankou ofisyèl nan Depatman Deta ameriken an, ak manm Black Caucus la. Pami tèm diskisyon yo genyen, antwòt: Eleksyon, ensekirite, lit kont dwòg ak koripsyon. Anfen, lapolis nan Gonayiv lanse apèl bay popilasyon an, pou mande l ede otorite yo idantifye nèg ame ki vle tabli ensekirite nan vil la.

Klike sou lyen an-lè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG