Accessibility links

Breaking News

Ayiti ap Akeyi Dezièm Tou Je Zolenpik yo


Football

Ayiti ap pare pou akeyi 2 zièm tou eliminatwa Je Zolenpik Peken yo ak patisipasyon Jamayik ak Bahamas soti 9 pou rive 13 Oktòb. Seleksyon Olenpik ayisyen an ap rankontre Bahamas le 9 Oktòb epi le 13 fas a Jamayik. le 11 Oktòb Jamayik ap rankontre Bahamas. Venkè triyangulè a ap kalifye pou 3 zièm tou a an Mas 2008.

Seleksyon Olenpik feminen ayisyen an ap antre nan batay le 24 Oktòb nan yon triyangulè kap dewoule nan Zile Kayiman yo. Le 24 Oktòb Ayiti ap rankontre ak Zile Kayiman yo epi le 26 Oktòb kont Porto Riko. Le 28 Oktòb Porto Riko kont Zile Kayiman yo. Venkè triyangulè a ap kalifye pou 2 zièm tou a.

DC United pèdu 1 a 0 devan Chivas de Guadalajara nan match retou koup Nissan pou Amerik du Sud la.

Klub football angle Manchester United ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan AS Wòm gras ak yon gòl Wayne Rooney make nan 70 zièm minit la. Nan lòt rankont ki jwe nan lig dè chanpyon an Sporting de Lisbòn ranpòte yon viktwa an deplasman lakay Dinamo de Kiev 2 a 1. Glasgow Rangers suprann Olenpik de Lyon 3 a 0 ep Barselòn tronpe klub Alman Stuttgart 2 a 0. Klub Angle Arsenal ap domine group F la ak 6 pwen apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Steaua de Buchares. Slavia de Prag tonbe devan Seville 4 a 2. Klub Turk Fenerbache pran tèt group G a ak 4 pwen apre match nul 2 a 2 yo fè ak CSKA de Moskou. Inter de Milan ranpòte yon viktwa a domisil devan PSV Eindhoven.

Basketball

Yon juri federal ameriken deside pou Madison Square Garden ak prezidan an pou peye 11 pwen 600 mil dola domaj e enterè an favè Anucha Browne Sanders ki asiyen group la pou harsèlman seksuèl. Juri a pa pran oken sanksyon kont antrenè New York Knicks la Isiah Thomas ke madam nan ta akuze ki ta fè avans seksuèl. Prezidan Madison Square Garden nan ak ekip New York Knicks la te revoke madan Sanders apre li te plenyen pou avans seksuèl moun ap fè l.

Tennis

Chanpyon an tit tounwa tenis Stuttgart la rus Nadia Petrova te bezwen 3 manch pou l kale alman Tatiana Malek 2-6, 6-1, 6-1. Ameriken Serena Williams fè 2 bouche ak Tchèk Zuzana Ondraskova 6-0, 6-0. Rus Elena Dementieva te fè anpil efò avan li kale franse Amelie Mauresmo 6-2, 7-5. Adolesan Polonè Agnieszka Radwanska remonte yon defisi avan li kale franse Marion Bartoli 0-6, 6-2, 6-1.

XS
SM
MD
LG