Accessibility links

Breaking News

Inondasyon nan Sid Peyi Dayiti. Otorite Lokal yo ak Polilasyon an Mande Ed Pòtoprens.


Nan sid peyi Dayiti, otorite lokal yo ak popilasyon an mande gouvènman Preval-Alexis a pote yo sekou apre gwo lapli ki pase anpil jou ap tonbe, pwovoke inondasyon ki koze anpil dega nan divès lokalite.

Yon lòt kote, prezidan René Préval anonse li pral mande asistans Lezetazini pou l kapab byen mennen lit kont koripsyon an, paske, daprè lidè ayisyen an, biwo Leta ki la pou ranpli misyon an, pa gen mwayen ki nesesè pou l byen fè travay sa a.

Anfen, yon oganizasyon ki la pou defann dwa timoun, lanse yon kanpay kote l ap denonse pratik kote peyizan ayisyen yo kite pitit yo al travay gratis kay moun lavil –sa yo rele ”restavèk” la.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG