Accessibility links

Breaking News

Final Koup du Mond Football Feminen Fikse pou Dimanch


Football

Dimanch kap vini la a se pral final koup du mond football feminen an Chin kote Almay ap rankontre Brezil an final epi Etazuni kont la Nòvèj pou 3 zièm plas la. An palan de defèt 4 a 0 Etazuni subi devan Brezil-gadyen seleksyon ameriken an Hope Solo di desizyon antrenè seleksyon an Greg Ryan te pran pou l mete sou ban an favè veteran Briana Scurry se te yon move desizyon. Antrenè a, ki di li gen oken regrè sou desizyon nan, di li espere panse blesu desizyonn nan koze nan seleksyon an.

Ronaldinho kap jwe nan Barselòn ak Kaka kap jwe nan Milanm AC, tou lè 2 vedèt sa-yo figure pami 22 seleksyone ki konvoke pou 2 pwochen match kalifikatif koup du mond 2010 Brezil gen pou jwe kont Ekwatè ak Kolonbi. Dapre Kalandriye a, Brezil ap rankontre Kolonbi 14 Oktòb nan Bogota epi le 17 Oktòb nan Marakana. 9 jwè seleksyon an te fè pati seleksyon ki te elimine nan kar de final koup du mond Almay 2006 la. An plis de rankont sa yo Brezil gen pou jwe 2 lòt match kalifikatif koup du mond kont Pewou ak Urugwe an Novanm.

Nan okazyon dènye match nan 5e jounen Liga-a ann Espay, nan stad Santiago Bernabeou , Real Madrid kale Betis Seviy-la 2-0 pou-l rete envenku e repran premyè plas-la nan men n Vilareal si-l kale ki li-menm te kale Racing Santander 2-0 . Nan Koup de la Lig-la an Frans, Monaco kale Nantes 3-2.

Antrenè Afrik du Sud la brezilyen Carlos Parreira reproche dirijan football peyi a apre li pa rive jwen sèvis 6 jwè kap jwe a letranje pou patisipe nan yon tounwa football.

Tennis

Nan tounwa tenis Luxembourg-la , slovak Daniella Hantouchova (4) kalifye pou demi-final apre viktwa-l an 3 sèt : 6-3, 5-7, 7-5 .

Nan tounwa Mubay-la ann Otriche : Richard Gasquet kouri ak otrichyen Stefan Koubek an 2 sèt : 6-2, 6-4 pou kalifye pou demi-final kote lap rankontre ak konpatriyòt-li Fabrice Santoro.

XS
SM
MD
LG