Responsab sekirite yo nan peyi d Ayiti mande popilasyon an double jefò pou ede polis la mete men sou bandi ame kap simen dèy nan kapital la. Korespondan nou Rotchild Francois, Jr. gen detay.
Pandansetan, Majistra Site Solèy la mande yon re-evalyasyon pwogram dezameman ak re-ensèsyon an pou ansyen manm gang ame yo kapab adapte yo. Korespondan nou Yvan Martin Jasmin -- k'ap patisipe nan yon pwogram espesyal responsab ameriken yo patwone sou kesyon an-- ap eksplike.
Pou w koute 2 repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.