Football
Pou la premyè fwa nan istwa koup du mond football feminen an Brezil kalifye pou final konpetisyon an kap dewoule an Chin apre yo pilon-nen Etazuni 4 a 0. Brezilyen yo jwe yon football Samba ki pèmèt mare pye jwè ameriken yo. Rezulta a reflete kalite match la akoz brezilyen domine rankont la depi nan premye mitan an. Brezilyen yo pral an final Almay ki elimine La Novèj 3 a 0 yè Mèkredi a.
Donk Dimanch an leve d rideau Etazuni kont la Nòvèj nan match konsolasyon pou 3 zièm plas la epi Brezil kont chanpyon an tit la Almay. Yon rankont ki kapab gen anpil supriz. Presyon an sou seleksyon Alman an, ki te ranpòte dènye edisyon koup du mond la.
Platini Prezidan Unyon Football Eropeyen an Michel Platini ekate posibilite pou sèvi ak videyo nan chache ede abit yo pran yon bon desizyon nan moman difisil. Platini di li an favè teknoloji ki kapab idantifye si balon an travèse liy gòl la. Platini sugjere pou ta gen 2 lòt abit ki ta kapab kanpe bò liy penalite a pou ede abit santral la pran bon desizyon.
Klub brezilyen Sao Paolo kapote klub arjanten Boca Junior nan Kopa Libertadores de Amerika a. Vasco de Gama remonte yon defisi 2 gòl pou l elimine klub Lanus. Isit Ozetazuni DC United ranpòte yon viktwa 2 a 1 devan Chivas de Gwadalajra yè swa isit Washington.
Je zolenpik
Prezidan Komite Olenpik Entènasyonal la Jacques Rogge ak prezidan Rus la Vladimir Putin rankontre nan Sochi yon zòn balneyè ki bò lanmè nwa a kote yo diskute preparasyon pouy je zolenpik dhivè 2014 yo Msye Putin deklare bay prezidan komite Olenpik Entènasyonal la menm lè vil la ap fè fas ak pwoblèm enfrastruktu, komite òganizatè a ap travay seryezman pou justifye konfyans òganizasyon an plase nan yo. Msye Rogge sou bò pa l fè konnen òganize yon je zolenpik pa janm fasil.
Tennis
Etazuni pral lakay Otrich pandan ke la Rusi ap akeyi la Sèvi nan ouvètu premye tou group mondyal koup Davis la kap kòmanse 8 pou rive 10 Fevriye. Anons sa a fèt yon jou apre otorite tenis ameriken anonse vil Portland nan eta Oregon kòm syèj final koup Davis la ant Etazuni ak la Rusi kap dewoule soti 30 Novanm pou rive 2 Desanm. Etazuni ranpòte konpetisyn an 31 fwa pandan ke la Rusi ranpòte.