Samdi 22 septanm 2007 la, nan okazyon 50èm. anivèsè monte François "Papa Doc" Duvalier sou pouvwa a ann Ayiti , ansyen lidè ayisyen Jean-Claude "Bady Boc" Duvalier -ki te ranplase papa l an 1971 e k ap viv nan vil Pari, an Frans- voye bay pèp ayisyen an yon mesaj kote li pale de sitiyasyon peyi a ap travèse a. Daprè Misye Duvalier, solisyon "maladi" Ayiti ap soufri jounen jodiya dwe pase pa linyon.
Klike soulyen an lè a pou w koute repòtaj koresponsan nou Yves Mompremier.