Accessibility links

Breaking News

Etazuni ak Kore du Nò Pase nan 2 zièm tou Koup du Mond la


Football

Nan chanpyona du mond football feminen an kap dewoule an Chin Etazuni kalifye pou kar de final la apre li kale Nijerya 1 a 0 epi Kore du Nò kalifye tou malgre li tonbe devan la Swèd 2 a 1. Nan kar de final la kap kòmanse Samdi Etazuni ap rankontre Angletè epi Almay pral mate balon fas a Kore du Nò.

Washington Redskins ranpòte 2 zièm viktwa afile nan chanpyona football zèpòl kare ameriken gras ak yon swif yo pase Philadelphia Eagles 20 a 12.

Atletisme

Lutè Greko/ Women Iranyen Hamid Soryan ranpòte yon 3 zièm meday dò nan karyè l nan okazyon chanpyona du mond lut kap dewoule nan Baku Azerbaijan. Soryan lage atè Sud Koreyen Park Eun-Cho yè Lendi a nan kategori 55 kilo. Nan kategori 60 kilo a Jòjyen David Bedinadze tronpe lutè Japonè Makoto Sasamoto. Franse Steve Guenot tonbe devan lutè Azerbaijan Farid Mansurov. Chanpyona du mond lut Greko/ Women an kategori maskulen e feminen rantre nan kad eliminatwa je zolempik Peken 2008 yo.

XS
SM
MD
LG