Accessibility links

Breaking News

Plizyè Milye Moun Manifeste Kont Lagè Irak la Nan Washington


Plizyè milye moun ki pa dakò ak lagè Irak la, ak yon lòt gwoup k'ap soutni gè a, te pran beton an samdi nan kapital Lèzetazini, Washington, DC. Omwen 5 mil manifestan te rasanble soti bò Lamezon blanch pou rive nan Kapitòl la, kidonk devan Kongrè a, tandiske kèk santèn te aliyen sou wout mach la pou chante slogan anfavè sòlda yo e anfavè lagè a.

Youn nan prensipal oratè yo se te ansyen minis jistis Ramsey Clark, ki pat met dlo nan bouch li pou li grennen akizasyon sou gouvènman Bush la. Aktivis Cindy Sheehan, ki te pèdi pitit gason ann Irak, te prazan tou, apre manmzèl te fè silans depi kèk jou. Madam Sheehan di Vwadlamerik li kwè pifò sitwayen nan Irak t'ap kite twoup ameriken yo pati avèk lonè. Cindy Sheehan deklare, "wi nou gen lènmi, men fason pou n’boule ak lènmi sa yo se sèvi ak diplomasi, ekonomi, sekirite nan pwòp peyi nou, san nou pa al okipe lòt peyi paske sa sèlman kreye plis ènmi pou Etazini lè nou atake lòt moun.

Nan mitan manifestan yo te gen ansyen konbatan nan lagè Irak la. Yon sòlda ki di nou li rele Léonard deklare, "plis ameriken rete ann Irak se plis moun ki pral mouri san rezon."

Anviwon yon milye lòt manifestan, ak drapo ameriken nan men yo, te pran beton an tou pou soutni gè a. Youn ladan yo di nou se t'ap yon erè si Etazini soti kounye a nan Irak.

Nan fen mach la, dè santèn aktivis te kouche plat atè bò Kongrè a pou senbolize sòlda ameriken ki mouri ann Irak. Lapolis arete anviwon yon santèn paske yo te eseye travèse baryè sekurite ki te devan lokal la.

Pou w koute tout repòtaj la, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG