Accessibility links

Breaking News

Yon basketè Dorjin Ayisyen Vizite Ayiti


Basketball

Basketè Kanadyen dorijin ayisyen Samuel Dalambert ap vizite Ayiti kote lap pase yon semen. Vedèt Philadelphia 76 ers la pral vizite kèk bidonvil epi patisipe nan yon kan dantrenman pou ti moun.

Don Nelson jwen yon nouvo antant ak Golden State Warriors pou l rete nan tèt ekip la pwochen sezon an. Dapre nouvèl yo Nelson ap touche 5 pwen 1 milyon dola pou 2 pwochen ane yo konpare ak 3 pwen 1 milyon dola li te konn touche. An retou Golden State Warriors kapab deside pou kenbe antrenè Nelson pou 3 zièm ane a ak posibilite pou l touche 1 milyon dola kòm konsultan pou 5 kan. Don Nelson gen 29 van kòm antrenè lig Nasyonal basketball ameriken an. Antant la jwen nan moman ekip yo ap pare pou kòmanse kan dantrenman 1 Oktòb avan sezon an kòmanse 30 Oktòb.

Phoenix Mercury se nouvo chanpyon basketball feminen ameriken an apre yo kale chanpyon sòtan an Detroit Shock 108 a 92. Mercury ranpòte seri 5 match la 3 viktwa a 2.

La Rusi suprann Espay ak yon viktwa 60 a 59 nan eliminatwa je zolenpik Peken 2008 yo zòn Eropeyen an. Lituani kale la Grès 78 a 69 pou l konsole l ak 3 zièm plas la.. Almay fini 5 kièm apre viktwa 80 a 71 yo ranpòte devan Kwasi. La Frans elimine apre defèt 88 a 74 yo subi devan Sloveni.

Football

Chanpyon an tit Superbowl la Indianapolis Colts pase akote yon defèt pou kale Tennessee Titans 22 a 20. New Orleans Saints subi 2 zièm defèt li fwa sa a devan Tampa Bay Buccaneers 31 a 14. Cincinnati Bengals tonbe devan Cleveland Browns 51 a 45 nan yon match gason pa kanpe. 2 match te fini an pwolongasyon. Denver Broncos kale Oakland Raiders an pwolongasyon 23 a 20 aloske Minnesota Vikings tonbe devan Detroit Lions 20 a 17.

Nan koup du mond football feminen an kap dewoule an Chin.Almay kale Japon 2 a 0 epi Angletè wouze Arjantin 6 a 1. Almay ak Angletè kalifye pou kar de final la.

Aktivite nan Lig Football balonwon ameriken an bay rezulta sa yo. Chivas USA fè match nul 1 a 1 ak Kolorado Rapids. Chivas te bezwen yon viktwa pou l kalifye pou faz final la ansanm ak DC United ki deja gen tikè l. Houston Dinamo danse sou Los Anjeles Galaksi 3 a 1.

La polis te sèvi ak gaz lakrimojèn pou dispèse fanatik Steaua ak Rapid de Boukarès ki tap boukante kout pwen pandan week-end nan apre match nul 0 a 0 2 te fè. La polis arete 10 fanatik e mande yo pou peye yon amand 617 dola pou lobo yo fè nan la ri a.

An Espay FC Barselòn fè match nul 0 a 0 ak Osasuna malgre prezans vedèt li yo. Real Madrid ranpòte 3 zièm viktwa afile l nan lig football Espayòl la. Bayern de Munich fè match nul 1 a 1 ak Schalke 04. An Frans Olenpik de Lyon klase 2 zièm nan chanpyona premyè divizyon franse a apre yo ranpòte 4 trièm viktwa yo nan lig la. Pari Sen Jermen tronpe Monaco 2 a 1.

An Itali AS Wòm pran tèt klasman jeneral Seri A Italyen an ak 9 pwen apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Reggina. Juventus de Turen fè bèk atè apre defèt 1 a 0 yo subi devan Udinese. An Angletè Manchester City klase 2 zièm gras ak yon viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Aston Villa.

Atletisme

Kourè ameriken Sanya Richards ak atlèt Rus Yelena Isinbyeva pataje yon milyon dola bonus apre yo ranpòte disiplin yap pratike a nan 6 konpetisyon Golden Lig la pandan sezon an.

Kourè franse Florent Lacasse resevwa yon suspansyon 2 zan apre li teste pozitif pou testosterone. Federasyon Atletis franse anonse jodi a Lacasse, ki te rive nan final kous 800 mèt chanpyona Eropeyen an, teste pozitif pandan li tap patisipe nan antrenman an Afrik du Sud 18 Me pase. Suspansyon an antre an aplikasyon 13 Juyè. Jounal spòtif franse l’Ekip rapòte atlèt rejte akuzasyon yo pandan li rann responsab supleman dyetetik. Lacasse di an mè m tan li pa prale an apèl ak desizyon an okontrè li pral pwofite de periòd suspansyon an pou l reflechi ki wout li dwe pran ak karyè l.

Judo

Chanpyon Judo feminen Olenpik Japonè Ryoko Tani ranpòte 7 tièm tit mondyal li apre kale Kuben Yanet Bermoy nan chanpyona du mond Judo kategori 48 kilo ki sot dewoule nan Rio de Janeiro O Brezil. Japonè Maki Tsukada ranpòte konpetisyon Open feminen an devan Slovak Lucija Polauder. Yon lòt japonè Yasuyuki Muneta kale Belarus Jury Rybak nan Open maskulen an. Olandè Ruben Houkes ranpòte meday dò devan Jorjyen Nestor Khergiani nan kategori mwens 60 kilo. Ayiti pa renmèt anyen nan gad la.

Tennis

Pou yon 3 zièm fwa la Rusi ranpòte koup konfederason tenis feminen an apre yo kale Itali nan final la ki dewoule nan vil Moskou pandan weekend nan.

Jwè tenis franse Gilles Simon kale Woumen Victor Hanescu 4-6, 6-3, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis Open Bukarest la. Chilyen Fernando Gonzalez te bezwen 3 manch 6-1, 3-6, 6-1 fas a espayòl Tommy Robredo pou l ranpòte tounwa tenis Open Chinwa a.

XS
SM
MD
LG