Accessibility links

Breaking News

Yon Tranbleman-d-tè Touye 2 Mounn Nan Endonezi


Yon gwo tranbleman-d-tè sakaje zile Sumatra ki nan pati lwès peyi Endonezi kote l touye omwens 2 kretyen vivan e li sekwe bilding ki jis nan peyi Sengapour.

11 mounn blese tou nan dezas la.

Okòmansman, savan yo te kwè ke tranbleman-d-tè-a te gen yon entansite 7,9. Sepandan, aprè-sa, yo di li mezire 8,4.

Spesyalis ameriken yo kwè ke episant tranbleman-d-tè sa a te sou yon distans plis pase 600 kilomèt nan nòdwès kapital Endonezyèn nan, Djakarta.

Otorite peyi Endonezi yo leve avètisman pou Tsunami yo te lanse yo. Tranbleman-d-tè-a frape zile Sumatra vè 6-zè-10 PM nan lè lokal.

XS
SM
MD
LG