Yon ansyen chèf polis ayisyen leve nan prizon lendi 10 septanm nan anba akizasyon trafik fo dokiman vwayaj. Korespondan nou Renan Toussaint gen plis detay.
Pandansetan, non Mèt Claudy Gassant kontinye ap fè aktyalite nan peyi dAyiti. Apre apèl pou revokasyon ni, epi depozisyon n devan Palman an, kounye a se kèk sektè kap reyaji sou prezans li Ozetazini, nan depozisyon yon òm dafè, Lavaud François, ki anba akizasyon pou trafik dròg. Korespondan nou Alfred Jean gen detay depi Gonayiv.
Yon lòt kote, yon responsab komès ayisyen mande yon jij fè limyè sou akizasyon ki ta enplike yon palmantè nan sa ki sanble ak operasyon dròg nan Sid peyi a. Korespondan nou Jean Martinez gen reyaksyon depi vil Jakmèl.
Pou w koute repòtaj sa yo fè klik sou ralonj ki anlè foto a.