Accessibility links

Breaking News

Almay Benyen Arjantin nan Koup du Mond Meda m yo


Football

Almay wouze Arjantin ak yon rakle 11 a 0 nan ouvètu koup du mond football feminen an ki demare jodi a an Chin, menm syèj premyè edisyon an an 1991 ke Etazuni te ranpòte. Japon ap rankontre Angletè demen Madi a nan group A a. Etazuni ap antre nan batay la demen fas ak Kore du Nò epi Nijerya ap jwe kont la Swèd nan group B a. 2 premye nan chak group ap kalifye pou kar de final la.

Brezil danse sou Etazuni 4 a 2 nan kad yon match amikal entènasyonal ki jwe ant 2 seleksyon yo kap prepare pou eliminatwa koup du mond la. Sa fè 5 kièm defèt Etazuni subi devan Brezil. Brezil ap rankontre Meksik Mèkredi nan Boston. Meksik kale Panama 1 a 0. Kosta Rika kale Honduras 3 a 2 nan kad yon match amikal.

Nijerya kale Espay 3 a 0 sou tir de penalite pou l ranpòte koup du mond Kadè a ki tap dewoule nan Kore du Sud. Almay kale Gana 2 a 1 pou l fini an 3 zièm pozisyon nan konpetisyon an.

Isit Ozetazuni DC United pilon-nen New England Revolution 4 a 2 pou l pran tèt klasman jeneral la ak 46 pwen. New York Redbulls tonbe devan Chivas USA 3 a 0. Kantite peyi ki kalifye pou koup dAfrik dè Nasyon an rive a 13 apre rankont ki dewoule nan pandan weekend nan. Dènye kalifye pou se Guine, Afrik du Sud ak Zanbi.

Sezon football zèpòl kare ameriken kòmanse an fòs yè dimanch la avèk Dallas Cowboys ki pilon-nen New York Giants 45 a 35. Washington Redskins ki te bezwen pwolongasyon pou l kale Miami Dolphins 16 a 13 epi New England Patriots ki kale New York Jets 38 a 14.

Atletisme

Kourè Jamayiken Asafa Powell bat pwòp rekòl l nan kous 100 mèt konpetisyon Gran Prix an Itali. Powell fini konpetisyon an ak yon tan 9. 78 5/100 sekond devan konpatriòt li Michael Frater. Msye bat rekò a nan faz eliminatwa a ak yon tan 9 pwen 74.

Tennis

Ansyen numewo 1 tenis mondyal Ostralyen Lleyton Hewitt seleksyone pou fè pati ekip koup Davis Ostrali ki pral jwe yon match de baraj kont Sèbi soti 21 pou rive 23 Septanb. Ostrali dwe ranpòte la viktwa si l vle rete nan group mondyal la aloske Sèbi bezwen yon viktwa pou l monte nan group elit mondyal la pou la premyè fwa. Rankont la ap jwe lakay Ostrali.

Swis Roger Federer ak Belj Justine Henin ranpòte tounwa tenis US Open nan kategori maskulen ak feminen. 4 tit afile, Federer, tounen premye jwè tenis ki ranpòte konpetisyon depi ane 1920 yo. Federer ranpòte 12 tit gran Shelem swa 2 an mwens ke ameriken Pete Sampras.

Basketball

Basketè kanadyen dorijin ayisyen Samuel Dalembert, ki pran yon zòbòy nan pye goch kapab retounen antrene ak Philadelphia 76ers nan ouvètu kan dantrenman ki fiske pou 2 Oktòb. Dalembert subi shòk la nan okazyon tounwa basketball Amerik ak Karayib la.

Boxe

Ansyen chanpyon pwa lou konsèy Mondyal Boks Vitali Klitschko ranvwaye batay li ta pral mare ak boskè ameriken Jameel McCline. Batay la ranvwaye akoz Ukrenyen an bezwen 6 semen repo apre li fè yon operasyon nan do

XS
SM
MD
LG