Accessibility links

Breaking News

Sezon Football Zèpòl Kare a ap Demare Aswè a


Football

Lig football zèpòl kare ameriken an ap louvri sezon an aswè a lè chanpyon an tit la Indianapolis Colts ap akeyi New Orleans Saints.

Nijerya, youn pami favori pou ranpòte koup du mond kadè a kale Almay 3 a 1 nan semi final koup du mond football Kadè a kap dewoule nan Kore du Sud. Nijeryan yo ap rankontre ak Espay ki elimine Gana ak yon viktwa 2 a 1. Almay ap rankontre Gana nan match konsolasyon an.

Fiji ak Nouvel Kaledoni kalifye pou final tounwa football kalifikatif koup du mond zòn Oseyani an. Nouvèl Kaledoni kale Zile Salomon yo 3 a 2 pandan arè de je yo epi Fiji tronse Vanuatu 3 a 0.. Final la ki fikse pou demen pral detèmine chanpyon zòn Oseyani an. Nouvèl Kaledoni, Fiji ak swa zile Salomon yo ou byen Vanuatu ak Nouvel Zeland pou yon lòt tounwa. Venkè kwadrangulè a pral jwe yon match de baraj ak peyi ki klase 5 kièm nan zòn Azyatik la pou yon plas nan faz final koup du mond Afrik du Sud an 2010.

Responsab komite òganizatè koup du mond Afrik du Sud la di kounye yo dwe antre nan yon faz operasyonèl kèk jou avan 15 Septanb-dat kap make 1000 jou avan debu konpetisyon an. Premyè etap tiraj osò a kap dewoule 27 Novanm nan Durban. 3 mil ofisyèl, antrenè seleksyon, responsab FIFA ak komite òganizatè a ap prezan nan premye gran rande vou a. Ansuit koup Konfederasyon an kap dewoule nan 5 stad peyi a an 2009. Stad yo ta dwe pare an 2008.

Antrenè seleksyon Brezil la konvoke yojn liy defans nan okazyon rankont Etazuni gen pou jwe ak Brezil Mèkredi kap vini la a nan Foxboro eta Massachussetts.

Tennis

2 jwè tenis espayòl pral chache yon plas nan semi final tounwa tenis US Open nan lè David Ferrer ap rankontre arjanten Juan Ignacio Chela epi Carlos Moya kont Sèb Novak Djokovic.

Numewo 1 tenis mondyal la Swis Roger Federer kontinye domine tounwa tenis US Open nan apre li elimine ameriken Andy Roddick 7-6, 7-6, 6-2 pou l kalifye nan semi final la. Rus Nikolay Davidenko kalifye pou semi final la apre li pase alman Tommy Haas ê kout rakèt 6-3, 6-3, 6-4. Federer ap rankontre nan semi final la ak Rus Nikolay Davidenko. bò kote meda m yo ameriken Venus Williams suprann Sèb Jelena Jankovic ak yon viktwa 4-6, 6-1, 7-6. Venus Williams ap rankontre nan semi final ak bèl Justin Henin pandan ke Rus Svetlatna Kuznetsova pral kwaze rakèt ak konpatriòt li Anna Chakvetadze nan lòt semi final la.

Basketball

Izrayèl kale Sèbi 87 a 83 pou l ranpòte premye viktwa l nan tounwa basketball kalifikatif je zolenpik pou zòn Eropeyen an. Nan lòt rankont Itali kale Polòy 79 a 70. La Grès tonbe devan la Rusi 61 a 53. Lituani suprann Almay ak yon viktwa tou mens 84 a 80.

XS
SM
MD
LG