Accessibility links

Breaking News

Espay Kalifye pou Final Koup du Mond la


Football

Espay a kalifye pou final koup du mond Kadè a kap dewoule an Kore du Sud apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Gana an pwolongasyon nan premye semi final la. Espayòl yo ap rankontre venkè rankont ant Almay ak Nijerya kap jwe demen Jedi a. 2 pèdan yo ap jwe match konsolasyon pou 3 zièm plas la.

Responsab lig football feminen ameriken an anonse yap demare yon nouvo chanpyona football feminen pandan sezon 2009 la olye de 2008. Lig la ap demare ak 7 ekip kap baze nan Boston, Chikago, Dallas, Los Anjeles, New York, St Louis ak WAshington.. Ekip feminen yo kapab pataje menm stad klub football maskulen yo

Tennis

Supriz e snan tounwa tenis U S Open nan kote espayòl David Ferrer suprann numewo 2 mondyal Rafael Nadal ak yon viktwa 6-7, 6-4, 7-6, 6-2 nan yon rankont ki dure plis pase 3 zhè d-tan soti byenta yè swa pou l fini bonè maten an. Ferrer pral rankontre arjanten Juan Ignacio Chela ki kapote swis Stanilas Warwrinka 4-6, 6-2, 7-6, 1-6, 6-4. Espayòl Carlos Moya rive nan kar de final pou la premyè fwa depi 1998 gras ak yon swif an 4 manch li pase adolesan Letonyen Ernest Gulbis 7-5, 6-2, 6-7, 6-4. Serena Williams fè bèk atè devan numewo 1 mondyal la Justin Henin ak 2 kout rakèt 7-6, 6-1 pou l kalifye nan semi final la.

Kapitèn ekip koup DAvis ameriken an John Macenroe seleksyone jwè tenis ki pral reprezante Etazuni nan fen mwa a nan semi final koup Davis la kont la Swèd. Andy Roddick, James Blake pou match senp yo epi ekip doub gen ladan Bob ak Mike Bryant--2 frè marasa. Lòt semi final la la Rusi ap akeyi Almay.

Basketball

Itali subi 2 zièm defèt li gras ak 36 pwen Tony Parker make pou la Frans nan viktwa 69 a 62 nan tounwa basketball Eropeyen pou je zolenpik yo. Lituani tronse Republik Tchék 95 a 75. la Rusi ranpòte yon 2 zièm viktwa fwa sa a fas a Izrayèl 90 a 56 epi Kwasi tronse Portugal 90 a 68.

XS
SM
MD
LG