Accessibility links

Breaking News

Jamayiken yo Ap Tann Rezilta Eleksyon Jeneral Jodi a


Nan peyi Jamayik, elektè yo pase jounen an ap vote pou yo chwazi manm Palman an ak nouvo lidè peyi a.

Yon milyon Jamayiken kalifye pou yo akonpli devwa sivik sa a e anpil te reponn prezan. Nouvèl yo di te gen reta nan sèten biwo e liy yo te long anpil, tandiske nan kèk sikonskripsyon bal tire e gen moun ki mouri, dapre ajans nouvèl yo.

Antou, gen 146 kandida k'ap kouri dèyè 60 plas nan Palman an. Atansyon tout obsèvatè fikse sou batay sere k'ap fèt ant Premye-Minis Portia Simpson-Miller ak lidè opozisyon an, Bruce Golding, pou fòtèy boure a nan Kingston.

Responsab elektoral yo anonse rezilta pral parèt a 2zè GMT, ki vle di 9 è diswa nan Jamayik ak Ayiti e 10 è nan Washington.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute repòtaj korespondan nou Gillian Haughton ke Chérubin Dorcil tradui.

XS
SM
MD
LG