Accessibility links

Breaking News

Etazuni ak Arjantin Kalifye pou Je Zolenpik Peken yo


Basketball

Etazuni kale arjantin 118 a 81 pou l kalifye nan faz final je zolenpik Peken 2008 yo. Malgre defèt la Arjantin kalifye kan mè m pou Je zolenpik yo. Brezil, Porto Riko ak Kanada kalifye pou tounwa repechaj 12 ekip ki pral detèmine 3 dènye reprezantan zòn amerik ak Karayib la nan Je Zolenpik yo. Tounwa repechaj la ap dewoule an Juyè 2008.

Football

Espay kalifye pou semi final koup du mond football FIFA a nan Kore du Sud gras ak yon viktwa sou tir de penalite 5 a 4 yo ranpòte devan la Frans apre tan reglemantè a te fini 1 a 1. Espayòl yo pral rankontre ak Gana ki elimine Perou 2 a 0 nan kar de final la. Nijerya youn pami favori konpetisyon an kalifye pou semi final la apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Arjantin. Nijeryan yo pral rankontre Almay ki toupizi Angletè 4 a 1.

Isit Ozetazuni D.C United pase FC Dallas yon swif 4 a 0 nan Dallas pou l okipe tèt konferans de Lès la ak 42 pwen devan New England Revolution ki gen 42 pwen tout eksepte gòl diferans. Real Salt Lake ranpòte yon viktwa 2 a1 devan Los Anjeles Galaksi 2 a 1.

Mesaj pou lòt ekip nan lig football espayòl la apre Real wouze Villa Real 5 a 0. FC Barselòn tronse Atletico Bilbao 3 a 1. Ronaldhino make 2 gòl nan moman bri ap kouri sou avni nan klub espayòl la.

An Itali Juventus de Turen ki sot monte nan premyè divizyon ranpòte 2 zièm viktwa a -fwa sa a devan Calgliari ke li kale 3 a 2.

An Frans Pari Sen Germen poko ranpòte oken viktwa a domisil apre match nul 1 a 1 li fè ak Olenpik de Marseille.

An Almay Stuggart subi yon defèt 1 a 0 devan Karlsruhe. Ak 10 pwen Bayern de Munik kontinye ap domine klasman jeneral la gras ak Miroslav Klose ki make 100 tièm gòl li nan Bundersliga a An Angletè Chelsea rate chans pou l te pran tèt klasman jeneral la apre yo fè bèk atè devan Aston Villa 2 a 0.

Footbalè franse Thierry Henry ap divòse ak mandam li Claire Merry dapre desizyon yon juj nan vil Lond. Juj la mande Thierry Henry ansyen vedèt Arsenal la e kap jwe nan Barselòn pou l dedomaje Merry, yon modèl, anviwon 50 milyon dola. Koup la posede yon mezon 6 chanm a kouche ki te koute 12 milyon dola. Aktyèlman Thierry Henry ap touche 260 mil dola par semen. Koup gen yon demwazèl, Tea, ki gen 2 zan.

Responsab Konfederason Football Afriken konfime ranvwa 2 rankont match kalifikatif koup dAfrik dè Nasyon. Responsab yo ranvwaye pou 14 Oktòb rankont ki te dwe jwe ant Sierra Leone ak Benin nan Freetown apre responsab lokal yo fè konnen yo pa kapab garanti sekurite rankont la kap jwe nan group 9.

Konfederasyon an te deja ranvwaye match ant Togo ak Mali. Vu enpòtans rankont la, responsab yo vle pou 2 rankont yo jwen simultaneman pou evite koken. Benin gen yon pwen dèyè Togo ak Mali nan klasman jeneral la group la aloske Sierra Leone matematikman elimine akoz yo gen yon sèl pwen pou 5 match.

Tennis

Espayòl Rafael Nadal woule ak kout rakèt franse Jo-Wilfried Tsonga pou l kalifye pou 4 trièm tounwa tenis US Open nan. Nadal pral rankontre konpatriòt li David Ferrer ki te bezwen 5 manch pou l elimine Arjanten David Nalbadian 6-3, 3-6, 4-6, 7-6, 7-5. Pami meda m yo ameriken Serena Williams kalifye pou kar de final la ak yon viktwa byen fasil fas a franse Marion Bartoli 6-3, 6-4. Venus Williams suprann Sèb Ana Ivanovic 6-4, 6-2.

Atletisme

Etazuni fini nan tèt klasman jeneral meday chanpyona du mond basketball Amatè entènasyonal la ki fini yè Dimanch la nan Osaka Japon. Ameriken yo ranmase yon total 26 meday pami yo 14 an ò. Kenya fini an 2 zièm pozisyon ak 13 meday pami yo 5 an ò. La Rusi fini an 3 zièm pozisyon pami yo 4 an ò.

Olenpik

Gen 10 vil ki manifeste entansyon yo pou akeyi premyè edisyon pou je zolenpik an 2010. Konpetisyon an vize jèn ant 14 e 18 tan. Vilyo se Aljers, Atèn, Bangkòk,Belgrad, Debrecen, Gwatemala City, Kula Lumpur, Moskou, Poznan, Sengapour ak Turen. Komite Olenpik la ap anonse vil kap akeyi konpetisyon an an Fevriye 2008.

XS
SM
MD
LG