Accessibility links

Breaking News

Nouvèl Oleyan ap Make Dezyèm Anivèsè Siklòn Katrina


Sa gen dezan depi pi gwo dezas natirèl moun te janm wè Ozetazini te blayi nan eta sid peyi a ki bay sou Gòlf Meksik la. Dezas sila a te pran fòm yon siklòn ki pote non Katrina. Li te lakòz yon kokenn inondasyon sou 80-pousan vil Nouvèl Oleyan, nan eta Lwizyàn, yon inondasyon ki te detwi kay, biznis, epi touye moun pa bann e pa pakèt.

Efò rekonstriksyon an , se yon "processus" manch long e difisil pou anviwon 160-mil kretyen vivan ki poko kapab retounen lakay yo jiskounye a. Mèkredi 29 out 2007 la make dezyèm anivèsè pasaj siklòn terib sa a, e dat sa a atire atansyon moun anpil sou rejyon an.

Nan dosye espesyal sa a, nou pral tande 2 repòtaj: Serge Rodriguez ap di nou kouman selebrasyon dezyèm anivèsè Katrina a pase epi Marie-Luce Pierre va fè n'tande yon ti kozman Jacquelin Bélizaire te reyalize ak yon edikatè ayisyen ki te pami viktim siklòn nan, nan mwa out 2005.

Fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG