Accessibility links

Breaking News

Gana Dechouke Brezil nan Koup du Mond la


Football

Brezil elimine nan faz dechoukaj koup du mond FIFA kategori kadè a nan Kore du Sud. Brezilyen yo tonbe devan Gana 1 a 0. Nan lòt rankont Peru elimine Tajikistan sou tir de penalite 5 a 4 apre tan reglemantè a te fini 1 a 1. Bonè nan jounen an Espay te pran swen Kore du Nò ak yon swif 3 a 0 epi la Frans ki te mal debute tounwa a suprann Tunizi ak yon rakle 3 a 1 an pwolongasyon. Damien Le Tallec make 2 gòl viktwa franse yo pandan periòd pwolongasyon an. Nan kar de final la Gana ap rankontre Perou epi la Frans pral mate balon fas a lEspay.

Faz dechoukaj la ap rapousib demen Jedi a lè Etazuni ap rankontre Almay, Nijerya kont Kolonbi, Arjantin kont Kosta Rika epi Angletè kont Siri.

Los Anjeles Galaksi kont Pachuka du Meksik nan final koup Superlig la. Venkè a ap ranpòte 1 milyon dola.

Prezidan Federasyon Football Kanadyen an Craig Lindford demisyone nan tèt òganizasyon an pandan li mande demantèlman federasyon an.

Plizyè milye fanatik rann yon dènye omaj pou Antonio Puerta ki mouri sa gen 3 jou nan sa ki sanble yon kriz kadyak nan okazyon rankont ekip li a FC Seville tap jwe nan lig espayòl la.

Atletisme

Ameriken dorijin Kenyan Bernard Lagat pase devan Rashid Ramzi pou l ranpòte kous 1,500mèt maskulen an nan chanpyona Atletis Mondyal kap dewoule nan Osaka O Japon. Britanik Christine Ohuruogu ki sot purje yon suspansyon pou dopaj, ranpòte kous 400 mèt feminen an. Bahameyen Donald Thomas ranpòte so an longè a. Ameriken Michelle Perry ranpòte meday dò nan kous 100 mèt obstak la

Basketball

YI Basketè chinwa Yi Jianlian finalman deside siyen yon kontra plizyè lane ak Milwaukee Bucks. Yi, ki siyen kontra a jodi a nan Hong Kong, ap kòmanse antrene ak ekip la le 1 Oktòb. Phoenix Suns ap DJ Strawberry, ki te konn jwe nan Univèsite Maryland, siyen yon kontra 2 zan. Strawberry ap resevwa plis pase 427 mil dola ak posibilite pou l kontinye 2 zièm ane a si Phoenix Suns dakò.

Boxe

Kuba deside pa deplwaye yon ekip boksè nan chanpyona du mond ki gen pou dewoule nan Chikago pandan mwa Oktòb la apre lidè peyi a Fidel Castro eksprime kè sote l pou kèk pami yo pa sove kite delegasyon an. Kòmantè sa a fèt apre 2 boksè kuben te sove kite delegasyon ki tap patisipe nan Je Panameriken yo o Brezil. Federasyon Boks Kuben an di malgre yo pap patisipe nan chanpyona du mond la, pa vle di boksè kuben yo pap prezan nan Je Zolenpik Peken an 2008.

Etazuni danse sou Porto Riko 117 a 78. Brezil koule Meksik 104 a 90. Arjantin te fè anpil efò pou l kale Kanada 85 a 70. Match sa a dewoule nan kad tounwa kalifikatif pou zòn Amerik ak Karayib la pou je zolenpik Peken 2008 yo. Etazuni ak Arjantin--2 ekip ki poko pèdu oken rankont--ap rankontre demen Jedi a pou tèmine 2 zièm tou a. Si Arjantin kale Brezil jodi a lap fini 2 zièm nan group la epi evite rankontre Etazuni nan semi final la. Si Brezil kale Arjantin ak Urugwe yap kalifye pou semi final la.

Tennis

Rus Maria Sharapova pat rankontre oken difikilte pou l kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis US Open nan apre li pasen Italyen Roberta Vinci 2 kout rakèt 6-0, 6-1. Bò kote mesye yo ameriken Andy Roddick kale konpatriòt li Justin Gimelstob 7-6, 6-3, 6-3. Arjanten Juan Ignacio Chela ak Ostralyen Lleyton Hewitt figure pami jwè tenis ki kalifye pou 2 zièm tou a.

XS
SM
MD
LG