Accessibility links

Breaking News

Jamayik ak Etazuni Domine Kous 100 mèt la


Atletisme

Kourè Jamayiken Veronica Campbell ranpòte meday dò nan chanpyona du mond Atletis Amatè Entènasyonal la devan ameriken Lauryn Williams ak Carmelita Jeter. La Rusi ranmase 2 meday nan konpetisyon an. Yè Dimanch la kourè ameriken Tyson Gay se nouvo chanpyon kous 100 mèt la. Jamayiken Asafa Powell, detantè rekò du mond disiplin nan, fini 3 zièm dèyè Bahameyen Derrick Atkins. Oken atlèt sou yon total 500 pa teste pozitif pou uzaj anabolizan dapre anons responsab yo fè jodi a.

Tennis

Se jodi a tounwa tenis U S Open nan ap demanre nan New York kote Swis Roger Federer pral defann tit li. Federer pral chache yon 12 zièm tit Gran Shelem lè lap rankontre ameriken Scoville Jenkins nan premye tou tounwa a ki se dènye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a. Bò kote meda m yo Bèlj Justine pral dèyè yon 2 zièm tit lè lap rankontre alman Julia Georges

Basketball

Etazuni ak Venezuela kalifye pou 2 zièm tou tounwa Basketball Amerik ak Karayib kap dewoule nan Las Vegas ak patisipasyon 10 peyi nan rejyon an. Venezuela ak kòmane 2 zièm tou a jodi a fas a Arjantin epi Etazuni ap rankontre Meksik.

Football

Etazuni, Gana, ak Tajikistan kalifye pou faz dechoukaj koup du mond football kadè a kap dewoule nan Kore du Sud. Nan 2 zièm tou a Gana ap rankontre Brezil, Nijerya kont Kolonbi, Etazuni kont Almay, Tunizi fas a la Frans, Perou kont Tajiskistan, Espay kont Kore du Nò, Arjantin kont Kosta Rika epi Angletè kont la Siri.

Faz dechoukaj la ap jwe Mèkredi ak Jedi. Fiji kale Tuvalu 16 a 0 epi zile Salomon yo kale Samoa ameriken 12 a 1, Vanuatu woule Samoa 4 a 0, Nouvèl Kaledoni ranpöte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Tahiti nan kad premye rankont eliminatwa koup du mond FIFA 2010 la. Yon total 204 peyi ap patisipe nan faz eliminatwa a e ki pral dèyè 31 plas plus peyi òganizatè a Afrik du Sud.

Ayiti, Etazuni, Meksik, Jamayik, Trinidad and Tobago figure pami 13 peyi nan rejyon an ki kalifye dirèkteman pou 2 zièm tou eliminatwa koup du mond la-tiraj osò a dewoule 25 Novanm nan Durban an Afrik du Sud. Lòt peyi yo se Kuba, Gwatemala, Kanada, Guyan ak Sen Vensan ak Grenadin. 22 peyi ap patisipe nan yon seri ale retou.

11 venkè yo ansanm ak Sen Vensan e Grenadin prale fè pati 12 tèt de seri yo pou 2 zièm tou a. 12 kalifye nan 2 zièm tou a ap kalifye pou fòme 3 group de 4 pou semi final la. 2 premye nan chak group ap kalifye pou ekzagonal final la kap rankontre antre yo. 3 premye yo ap kalifye dirèkteman pou faz final la. Peyi ki klase 4 trièm pral jwe yon match de baraj ak peyi ki klase 5 kièm nan Amerik du Sud la nan yon seri ale/retou.

Nan zòn Oseyani a 3 premye yo ap kalifye pou 2 zièm tou a ansanm ak Nouvèl Zeland. Venkè seri sa a ap rankontre ak peyi ki klase 5 kièm sou kontinan Azyatik la nan yon match de baraj ale/retou. Situasyon an konplike sou kontinan Afriken an kote batay la sere ant 52 peyi kontinan an. Gen 10 peyi kap kòmanse yon seri ale/retou 13 Oktòb ak 17 Novanm. Venkè seri a ap kalifye pou 2 zièm tou a. 20 meyè nan group sa a pral divize an 5 group. Venkè chak group ap kalifye pou faz final koup du mond la.

Gouvènman Espayòl la akòde football brezilyen Ronaldinho doub sitwayènte--yon desizyon ki kreye yon plas vid nan klub FC Barselòn nan pou lòt jwè etranje ki pa fè pati Unyon Eropeyen an. Nouvèl yo rapòte Meksiken Giovani dos Santos kapab ranpli plas la ansanm ak Kamerounè Samuel Eto’o ak Ivwaryen Yaya Toure. Nouvèl yo rapòte dos Santos kapab gen nasyonalite espayòl semen sa a.

Yon ekip enspektè FIFA trouve l o Brezil depi Jedi kote lap evalue enfrastruktu peyi ki kandida pou òganize koup du mond FIFA a an 2012. 18 vil peyi a pral soumèt dosye pou akeyi kèk match football pandan dewoulman konpetisyon an. Ekip enspektè a ap bay yon konferans de près 1 Septanb avan yo kite peyi a.

Mia Hamm youn pami pi gran footballè feminen ameriken an antre nan koulwa selebrite football ameriken an nan Oneonta New York. Lòt jwè ki fè pati koulwa selebrite a se Julie Foudy ak responsab komite òganizatè koup du mond USA 94 la Allan Rothenberg, Bobby Smith ki te konn jwe nan New York Cosmos ansanm ak Pele.

Cyclisme

Tribunal abitraj spòtif la konfime li pral tande komite olenpik Italyen an sou suspansyon siklis Italyen Alessandro Petacchi ki ta utilize dròg kont Asm. Komite Olempik Italyen ta renmen yon suspansyon yon lane enpoze kont siklis la --sa vle di ranvèse desizyon federasyon siklis Italyen an te pran pou l blachi Pettachi Tribunal la kapab pran desizyon disi 4 mwa.

XS
SM
MD
LG