Accessibility links

Breaking News

Brezil Tonbe Devan Angletè


Football

Angletè suprann Brezil viktwa 2 a 1 gras ak yon gòl defansè Jordan Spence make pandan arè de je yo nan group B a defèt pa ranje zafè brezilyen yo ki fini an 2 zièm pozisyon ak 6 pwen dèyè Angletè ki gen 7 pwen epi Kore du Nò ranpòte yon viktwa tou mens devan Nouvèl Zeland 1 a 0 pou l fini an 3 zièm pozisyon ak 4 pwen-ase pou yo kalifye pou 2 zièm tou a kòm meyè 3 zièm. Nan lòt rankont ki jwe nan group A a Togo tonbe devan Kore du Sud 2 a 1. Ak 3 pwen Koreyen yo konsève espwa yon kalifikasyon tou depan de rezulta match kap jwe nan lòt group yo demen Samdi a ak Dimanch. Perou make yon gòl dènye minit pou kale Kosta Rika 1 a 0. Pewou ki gen 7 pwen epi Kosta Rika ak 4 pwen kalifye pou 2 zièm tou a.

Demen Samdi a Nijerya ap rankontre Ayiti epi Japon kont la Frans nan group D a. Se sèl Nijerya ki kalifye nan group la ak 6 pwen-rankont group sa a enpòtan pou Ayiti ak la Frans akoz yo chak gen yon pwen epi Japon klase an 2 zièm pozisyon ak 3 pwen.Toujou demen Samdi a Honduras ap rankontre Siri epi Espay, ki gen 6 pwen ap rankontre Arjantin ki gen 4 pwen nan group group C a.

Dimanch 26 Jwen nan group E a Beljik ap rankontre Etazuni epi Tunizi kont Tajikistan. Tunizi gen klase an premyè pozisyon ak 6 pwen epi Tajikistan ak Beljik gen 3 pwen yo chak. Nan group F la anyen poko deside Kolonbi, ki gen 4 pwen ap rankontre ak Gana ki gen 3 pwen epi Almay ki gen 4 pwen ap rankontre Trinidad and Tobago ki gen 0 pwen.

An plis de 2 premye yo kap kalifye pou 2 zièm tou konpetisyon-4 meyè 3 zièm yo ap kalifye pou patisipe nan faz dechoukaj la.

Nan MLS la Chivas ”USA kale Los Anjeles Galaksi 3 a 0. David Beckham patisipe nan rankont la apre long vwayaj.

Basketball

Etazuni amuze l ak Zil Vyèj Ameriken yo ak yon swif 123 a 59 nan tounwa basketball Federasyon Basketball entènasyonal òganize nan zòn Amerik yo pou je zolenpik Peken 2008 yo. Porto Riko tronse Panama 108 a 67. Kanadyen dorijin ayisyèn Samuel Dalembert make 18 pwen pou ede Kanada ranpòte yon viktwa tou mens devan Venezuela. Arjantin pat gen pwoblèm pou l kale Urugwe 90 a 69.

Atletisme

11 zièm edisyon chanpyona du mond Atletis Amatè Entènasyonal la ap demare demen Samdi a o Japon ak patisipasyon 3 mil 200 atlèt ki soti nan 212 peyi. Konpetisyon an ap fini 2 Septanb ak posibilite pou plizyè milya fanatik swiv konpetisyon an nan televizyon.

Premye meday dò ap soti nan kous maraton an kapdemare a 7 du maten Samdi o Japon e 10 zhè Vandredi swa lè Washington. Gen 23 patisipan ki enskri pami yo Kenyan William Kiplagat ki deja kouvri distans 42 kilomèt la an 2 zhè-6 minit--50 sekond. Konpetisyon, ki òganize chak 2 zan, te debute nan Helsinki. Etazuni ap la Rusi kapab pami peyi ki pral chache ranpòte plis meday posib.

Dopaj

Responsab komite Olenpik Entènasyonal la fè konnen atlèt yo suprann kap konsome dròg pap kapab patisipe nan pwochen je zolenpik yo. Jacques Rogge fè anons politik sevè a jodi a yon jou avan ouvètu chanpyona du mond Atletis la kap dewoule nan Osaka Japon. Responsab la fè konnen tout atlèt ki resevwa yon suspansyon 6 mwa pou pipiti ap diskalifye pou pwochen je zolenpik yo. Msye Rogge kore pwopozisyon Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la fè pou enpoze yon suspansyon 4 tran olye de 2 zan kont atlèt ki komèt yon premye enfraksyon grav. Msye di tou atlèt yo kapab resevwa yon suspansyon lejè si yo denonse lòt moun ki enplike nan dopaj.

XS
SM
MD
LG