Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Mande Revokasyon Komisè Gouvènman Pòtoprens la, Claudy Gassant


Nan peyi Dayiti, Sena a vote yon rezolisyon mèkredi 22 out la pou l mande gouvènman Premye Minis Jacques Edouard Alexis a revoke komisè gouvènman Pòtoprens la, Claudy Gassant, ki pa t okipe yon envitasyon pou l konparèt devan gran kò a. Yon lòt kote, responsab yo mete sou pye yon fowòm kote y ap brase lide sou mwayen ki ta pi bon pou yo konbat koripsyon ann Ayiti. Pandansetan, nan vil Ti Gwav eli lokal yo kritike gouvènman Préval-Alexis a poutèt, daprè yo, otorite santral yo pa pran dispozisyon pou pèmèt eli sa yo prete sèman e antre nan biwo yo, plizyè mwa aprè dewoulman eleksyon yo. Anfen, daprè yon manm palman an, kolektivite teritoryal yo pap kapab kòmanse fonksyone anvan enstalasyon yon nouvo fòs sekirite piblik nan peyi a, a kote Polis Nasyonal la.

Klike sou lyen anlè a pou w tande devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo, plis Edisyon <<Dossier Sports>> pou jedi 23 out 2007 la avèk Jean Robert Philippe.

XS
SM
MD
LG