Accessibility links

Breaking News

Kanpay Koup du Mond la FIFA 2010 la ap Demare Weekend sa a


Football

Kanpay kalifikasyon koup du Mond FIFA/AFRIK du Sud 2010 la ap kòmanse Samdi nan Samoa plis pase 1000 jou avan kou danvwa faz final la. 9 peyi nan zòn Oseyani a ap kòmanse kanpay la. Samoa, ki bat rekò kòm seleksyon ki resevwa plis gòl nan yon match football swa 31 a 0 devan Ostrali an 2001, ap rankontre Zole Salomon yo.Nouvèl Kaledoni ak rankontre Tahiti.

Almay remonte yon defisi pou l kale Angletè 2 a 1 nan stad Wemble a se rezulta youn pami 45 rankont entènasyonal ki dewoule yè Mèkredi a. Angle David Beckham jwe 97 tièm rankont entènasyonal li pou seleksyon an.. Hongri supran Itali ak yon viktwa 3 a 1. Arjantin tonbe devan la Norvèj 2 a 1. La Swis kale la Oland 2 a 1. Brezil kale Aljeri 2 a 0 nan Montpellier. La Swèd ranpòte yon viktwa tou mens devan Etazuni 1 a 0. Island fè match nul 1 a 1 ak Kanada. Ekwatè kale Bolivi 1 a 0. Paragwe fè match nul 1 a 1 ak Venezuela. Salvador kale Honduras 2 a 0.

Nan match kalifikatif koup dEròp dè Nasyon Findland pran jarèt nan chanpyona a apre viktwa 2 a 1 li ranpòte devan Kazakstan. Match nul 1 a 1 Portugal fè ak Armeni pa ranje l du tou nan klasman an. Unyon Football Eropeyen an double penalite li te enpoze kont Sèbi apre pwopo ak move konpòteman jwè ak fanatik yo te genyen pandan yon rankont football Penalite a pase de 33, 170 dola a 82,920 dola.

Federasyon football chinwa a ap chache yon nouvo antrenè apre revokasyon Zhu Guanghu akoz movèz pèfòmans seleksyon an renmèt nan koup Azyatik la.. Ansyen entènasyonal franse Jean Pierre Papin ak Sèb Ratomir Dujkovic figure sou lis kandida posib pou djòb la.

Tunizi woule Etazuni 3 a 1 pandan ke Almay te fè anpil efò avan li kale Gana 3 a 2 nan kad match koup du mond football FIFA a kategori kadè kap dewoule nan Kore du Sud. Nan lòt rankont Tajikistan pèdu 1 a 0 devan Beljik epi Kolonbi wouze Trinidad and Tobago 5 a 0 nan group F la. Kolonbi ak Almay gen 4 pwen yo chak aloske Gana gen 3 pwen. Dimanch Kolonbi ap jwe ak Gana epi Almay ap rankontre Trinidad and Tobago ki gen 0 pwen nan group la.

Bolivyen Jaime Moreno tounen lidè ki make plis gòl nan MLS la apre DC United kale New York Redbulls 3 a 1 pandan 12 zan li gen nan lig la. Moreno gen yon total 109 gòl devan ameriken Jason Kreis.

Atletisme

Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la mande Ajans Anti Dopaj Mondyal la pou enpoze sanksyon sevè kont atlèt kap konsome dròg. Prezidan Federasyon an di li ta renmen sanksyon yo pase de 4 tran olye de 2 zan pou yon premyè enfraksyon. Responsab la di Ajans Anti Dopaj la pa adopte yon tèl mezu e byen òganizasyon atletis la kapab enpoze pwòp sanksyonn. Ajans Anti Dopaj la gen pou revize kòd anti dopaj la nan yon okazyon yon konferans kap dewoule nan vil Madrid nan mitan mwa Novanm nan.

Basketball

Etazuni pilon-nen Venezuela 112 a 69 nan okazyon match douvètu tounwa basketball rejyonal pou je zolenpik Peken 2008 yo. Nan lòt rankont ki jwe yè Mèkredi a Meksik danse sou Porto Riko 100 a 89. Brezil te fè anpil efò avan li kale Kanada 75 a 67. Urugwe ranpòte yon viktwa tou mens devan Panama 88 a 84.

Tennis

Vedèt tenis Swis Roger Federer, ki ranpòte tounwa tenis US Open nan 3 ane afile, ap kòmanse defann tit la kont yon kalifye ke nou poko konnen dapre tiraj osò ki dewoule yè Mèkredi a nan New York. Selon posibilite yo Federer kapab rankontre ak ameriken Andy Roddick nan kar de final tounwa a epi espayòl Rafael Nadal an final ki li menm dwe kale Sèb Novak Djokovic nan semi final la.

Bò kote meda m yo Bèlj Justine Henin kapab pase yon move moman avan li rive nan final la ak prezans ameriken Serena ak Venus Williams ki sou wout li. 2 Williams yo kapab rankontre nan semi final tounwa a. Henin dwe pase 2 lòt zotobre nan tounwa tenis feminen an Sèb Jelena Jankovic ak Ana Ivanovic.

Tankou nou te di l deja jwè tenis Britanik Tim Henman ap pran retrèt li apre li finn jwe match de baraj koup Davis la kont Kwasi dapre anons li fè jodi a nan New York. Henman ap rankontre Rus Dimitri Tursunov nan premye tou tounwa tenis US Open nan. Henman ap mete fen nan karyè l ak 11 tit tounwa tenis senp.

Cyclisme

Siklis Danwa Michael Rasmussen pase 30 minit ap pale ak dirijan ekip siklis Italyen Palmiro Masciarelli kote li ta renmen fini sezon an. Responsab klub di Rasmussen gen pwoblèm ak federasyon siklis Danwa a.Rasmussen te ekspulse pandan kous bisiklèt Tour de Frans la akoz li te mele nan yon eskandal dopaj.

XS
SM
MD
LG