Accessibility links

Breaking News

Ayiti Suprann La Frans nan Koup du Mond FIFA a


Football

Ayiti rache yon match nul 1 a 1 fas a la Frans. Franse yo make premye gòl apre gadyen an lese balon an woule nan fant janm li nan 13 zièm minit rankont la ke Damien Le Tallec. Ayiti egalize 8 minit pita gras ak yon penalite Peterson Desrivieres make apre defans franse a te komèt yon fot sou Valdo Normil. La Frans te kapab ranpòte rankont la si kapitèn ekip la Said Mehamha pat rate yon penalite yon minit avan fen tan reglemantè a. Nan lòt ki jwe maten an Espay suprann la Siri ak yon viktwa 2 a 1. Toujou jodi a Nijerya pilon-nen Japon 3 a 0 epi Honduras tonbe devan arjantin 4 a 1.

Pwochen Rankont la Ayiti bezwen yon viktwa lè lap rankontre Nijerya ki deja kalifye epi la Frans ta dwe kale Japon. La Siri dwe benyen Honduras ak gòl lè 2 ekip yo ap rankontre Samdi pandan ke Arjanten yo bezwen yon nuk lè yap rankontre Espay pou yo pase nan 2 zièm tou a.

Demen Jedi a Etazuni bezwen yon viktwa kont Tunizi si yo vle konsève espwa pou kalifye pou 2 zièm tou a, apre te pèdu pèdu match douvètu a 4 a 2 fas a Tajikistan aloske Tunizyen yo te woule Bèljik 4 a 2. Se 2 premye nan chak group kap kalifye pou 2 zièm tou a.

Brezil kenbe tèt klasman jeneral la malgre efò Arjantin fè selon klasman FIFA publiye jodi a. Pa gen chanjman ki fèt pami 5 premye yo an plis de Brezil ak Arjantin, Itali, la Frans ak Almay konsève pozisyon yo te okipe nan klasman mwa pase a. Kwasi, la Oland, Espay, Republik Tchèk ak Potugal konplete lis 10 meyè ekip mondyal yo. Etazuni degrengole nan lis 10 premye yo men toujou rete nan pami 25 ekip mondyal kote li klase 17 tièm mondyal sa vle di ameriken pèdu 3 plas pou mete yo a 6 plas dèyè Meksik.

Kameroun pèdu yon plas pou l klase 16 zièm men rete numewo 1 kontinan Afriken an. Nan kararib la Trinidad and Tobago klase 63 zièm devan Ayiti ki klase 88 tièm, Guyan klase 88 tièm, Kuba 91 zièm, Jamayik klase 95 zièm, Sen Vensan e Grenadin klase 104 trièm, Republik Dominikèn klase 140 tièm dèyè Bermud ak Antigua e Barbuda.

Fanatik Milan AC yo pap kapab fè deplasman pou al asiste rankont Milanè yo ap jwe kont Genoa Dimanch akoz krent ki genyen pou pa gen vyolans nan okazyon an. Komite sekurite a deklare jodi a risk rankont la twò elve pou yo aksepte tifozi Italyen yo fè deplasman akoz krent pou pa gen revanch ki fèt kont asasina yon fanatik ekip Genoa an 1995.

Mitan teren defansif Brezilyen Emerson ap retounen an Itali kote li pral jwe nan Milan AC apre li pase yon lane nan Real Madrid. Nouvèl yo pa di kantite lajan transfè a koute men medya espayòl yo rapòte li kapab koute 6 milyon 700 mil dola. Real Madrid te peye Juventus de Turen anviwon 21 milyon dola pou transfè Brezilyen sa gen yon lane.

Balon woule sou planèt la ak yon total 45 rankont--match amikal--ak match kalifikatif koup dEròp dè Nasyon. Pami rankont sa yo Etazuni trouve l an Swèd kote lap rankontre seleksyon lokal la. Almay prale nan Stad Wemble a kote lap rankontre Angletè. Togo ap akeyi Zambi. Japon tronse Cameroun 2 a 0 pami rankont ki jwe jodi a.

Pita nan jounen an Gwatemala ap rankontre Panama nan okazyon yon match chofe jarèt. Carlos Luis kapab bat rekò butè seleksyon an si l make yon gòl pou l mete a 37 gòl. Luiz deja a egalite ak Juan Carlos Plata ki make 36 gòl yo chak pou Gwatemaltèk yo.

Nan lig football balonwon ameriken an DC United ap akeyi New York Red Redbulls kap sèvis ayisyen Jozy Altidor ki se meyè jwè semen nan apre li te make 2 gòl nan viktwa 5 a 4 Redbulls te make kont Los Anjeles Galaksi. Chikago ap fè yon kout pye lakay Kansas City Wizards demen Jedi a Los Anjeles Galaksi ap akeyi Chivas USA.

Baskettball

Se jodi a tounwa Basketball Nò Sant Ameriken ak Karayib ap demare nan Las Vegas Nevada lè Etazuni ap rankontre ak Venezuela pou detèmine kalifikasyon je Zolenpik Peken 2008 yo. Gen 10 peyi kap patisipe e ki divize an 2 group de 5. 2 premye yo ap kalifye otomatikman pou je zolenpik yo pandan 3 zièm, 4 trièm ak 5 kièm nan ap kalifye pou jwe yon tounwa repechaj yon mwa avan dewoulman je zolenpik yo. Nan group A a gen ladan Arjantin, Meksik, Panama, Porto Riko ak Urugwe. Nan group B a nou jwen Brezil, Kanada, Etazuni, Zil Vyèj Ameriken yo ak Venezuela.

Tennis

Britanik Tim Henman ap òganize yon konferans de près pou reponn bri kap kouri nan medya kòm kwa lap pare pou l pran retrèt li. Konferans de près la fiske pou demen Jedi a nan New York kote lap diskute plan pou rès sezon 2007 la. Henman ap patisipe nan dènye tounwa Gran Shelem pou ane a kap kòmanse Lendi pwochen nan New York. Ansyen numewo 4 mondyal la,Henman, fè pati ekip koup Davis Angletè ki pral rankontre Kwasi mwa pwochen an pou yon plas nan group mondyal la.

XS
SM
MD
LG