Accessibility links

Breaking News

Nouvo Bilan Pou Siklòn Dean ann Ayiti: Omwen 4 Moun Mouri


Gouvènman ayisyen parèt ak yon nouvo bilan sou dega siklòn Dean koze nan peyi a pandan weekend nan, anvan li te met tèt pou Jamayik. Dapre Biwo Pwoteksyon Sivil konfime ke move tan an pran lavi omwen 4 moun, olye de 2 ke li te anonse dimanch apremidi.

Premye Minis Jacques Edouard Alexis fè konnen "état d'alerte" yo te anonse a leve, sepandan li mande popilasyon an toujou rete vijilan. Kabinè a te gen pou li fè deba tou yè lendi a sou pasaj siklòn nan, men pa gen detay sou seyans sila a.

Pou w koute repòtaj korespondan nou Rotchild François, Jr. fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG