Accessibility links

Breaking News

Siklòn Dean Fè Omwen 3 Mò ak Dega Materyèl Nan Sid Ayiti


Sant Nasyonal Meteo Lèzetazini an kalifye siklòn Dean kòm yon move tan ki trè danjere nan moman kote gwo van sistèm sa a kòmanse ap frape lakòt peyi Jamayik. Touris yo kouri kite zile a e abitan yo anpile materyèl ak manje, yo barikade kay yo ak komès yo pou tann pasaj Dean ak van ki, dapre kaptenn meteo yo, ka depase 250 kilomèt alè. Yo di move tan an ka lakòz eleksyon jeneral Jamayik yo ki fikse pou lendi sa a ranvwaye.

Omwen 4 moun deja mouri nan Karayib la, dapre ajans nouvèl yo, pami yo gen yon ti bway ki mouri nan Repiblik Dominikèn. Dean pase bò kot sid ak sidwès peyi dAyiti, zòn Okay ak Jeremi, sepandan se sitou dega materyèl li fè, anwetan 3 moun ki mouri, dapre responsab lokal yo. Lavwadlamerik te pale ak pòt-pawòl Sistèm Nasyonal k'ap Jere Ka Dezas yo ann Ayiti, Dieufort Deslorges. Li di nou otorite yo te bay avètisman atan, abitan yo te byen reyaji, e kounye a, apre pasaj siklòn nan, Chèf Gouvènman an deja anonse asistans pou rejyon sinistre yo.

Kounye a, tankou nou di li, se Jamayik k'ap pare tann soukous Siklòn Dean. Dennis Feltgen se yon kaptenn meteo nan Sant Nasyonal la nan Miami. Li di kèk zòn sou zile a ta dwe prepare pou gwo van ak jiska 50 santimèt lapli. Msye Feltgen di vag dlo ka moute nan wotè plis ke 2 mèt, e van ka soufle rive nan 230 kilomèt alè, ak rafal pi fò toujou nan kèk moman. Li di se yon michan siklòn kategori 4 e Jamayiken yo ta dwe andedan abri, ap pwoteje tèt yo kounye a.

Nan Kiba, gouvènman an te pibliye avètisman pou kominite sou kot sid la. Espesyalis tan yo predi Dean pral vanse nan direksyon lwès, li ta dwe pase sou il Kayiman lendi maten bonè e rive nan prèskil Yucatan nan, o meksik, bò madi maten. Isit Ozetazini, gouvènè eta Lwizyàn dekrete yon "état d'urgence" davans. Lwizyàn te sibi pi gwo dega yo nan siklòn Katrina an 2005.

Pou w ka koute repòtaj nou an, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG