Accessibility links

Breaking News

Ayiti Tonbe Devan Kore du Nò


Football

Seleksyon nasyonal kadè ayisyen an pèdu 1 a 0 devan Kore du Nò avan nan kad dènye match chofe jarèt yo tap jwe pou koup du mond kadè a kap dewoule nan Kore du Sud.

Semi final Super Liga a ki reyuni 4 meyè lig premyè divizyon Meksiken ak MLS la ap demare aswè a lè Houston Dynamo ap akeyi chanpyon Lig football Meksiken an CF Pachuka. Lòt semi final la ap mete bab pou bab demen Mèkredi D-C United kont Los Anjeles Galaksi nan Karson an Kalifòni. Venkè yo ap rankontre an final 29 Out.

Federasyon Football Kamerounè a anonse li resevwa 78 aplikasyon pou pòs antrenè seleksyon an. Aplikan yo ki soti nan 22 peyi a, swa ap antrenè yon seleksyon nasyonal ou byen yon klub. Pami 11 kandida franse ki dèyè djòb la nou jwen Jean Pierre Papin ak Philippe Troussier ki antrene 6 seleksyon nasyonal. Lòt kandida gwo kalib se alman Otto Pfister ki te ede Togo kalifye pou faz final koup du mond 2006 la an Almay. Federasyon an espere redui lis kandida yo apre li finn reyuni ak Minis Spò a kap peye antrenè a.

La Swèd konvoke kapitèn Fredrik Ljungberg ak Zlatan Ibrahmovic kap jwe nan Inter de Milan nan kad match amikal Swedwa yo gen pou jwe kont Etazuni 22 Out nan Goteborg.

Jounal Ostralyen yo rapòte ansyen antrenè O landè ak Sud Koreyen Dick Advocaat ap antrenè seleksyon peyi a nan fen ane a. Nouvèl yo fè konnen Advocaat deja dakò kondisyon Federasyon Football Ostrali a men antant la pap efektif pazavan kontra antrenè Rus la fini an Novanm. Advocaat te nan tèt seleksyon Olandè ki te rive nan kar de final koup du mond FIFA 94 la ki te dewoule isit Ozetazuni epi antrene Kore du Sud nan koup du mond FIFA ki te dewoule an Almay ane pase

Seleksyon maskulen ameriken an anonse yon match amikal ak Brezil nan Chikago le 9 Septanb Match la ranplase rankont Etazuni te dwe jwe ak Meksik nan stad Azteka a-yon rankont ki anule pou rezon finansye ak lòt pwoblèm. Brezil ap jwe kont Meksik nan Foxborro Massachussetts le12 Septanb.

Footbalè ameriken Freddy Adu kapab kòmanse karyè l sou kontinan Eropeyen an lè ekip li a Benica de Lisbòn ap rankontre ak FC Copenhag nan okazyon match kalifikatif ale Lig dè Chanpyon Eropeyen an.

Tennis

Jwè tenis Tchèk Radek Stepanek ap mete fen nan 3 zan absans nan ekip koup Davis peyi a lè la patisipe nan tounwa repechaj kont la la Swis mwa pwochen an. Stepanek te abandone ekip koup DAvis Tchèk la apre li te antre nan lese frape vèbal ak ansyen kapitè n ekip la Cyril Suk. Venkè seri rankont ant Republik Tchèk ak la Swis ap rete nan group Mondyal pou sezon 2008 la. Pèdan an ap desann nan group rejyonal .

Kwat Ivan Ljubicic te bezwen 3 manch 1-6, 7-6 , 6-3 pou l kale ameriken Amer Delic nan tounwa tenis Cincinati a nan kad preparatif pou tounwa tenis US Open nan. Rus Mikhail Youzhny woule ak kout rakèt Slovak Dominik Hrbaty 6-3, 6-1.

Nan Kanada Swis Patty Schnyder kale Espayòl Anabel Medina Garrigues 6-3, 6-2 nan tounwa tenis Koup Rogers la. NBA.com / Raley Pat Raley anonse lap kontinye antrene ekip Miami Heat la pou yon lòt 3 zan dapre tèm ki gen nan kontra li te siyen ak ekip la amwen s ke responsab yo pran yon lòt desizyon.

Je Univèsitè

Responsab Je Univèsitè yo konfime yon kantite tès pozitif dopaj pandan dewoulman konpetisyon an kap fini nan Tailand. Responsab yo poko revele kantite atlèt ki teste pozitif non plis tou non atlèt yo. Penalite pou premye enfraksyon kapab soti nan yon avètisman ak yon entèdiksyon 2 zan.

Atletisme

10 chanpyon an tit atletik pral defann tit ameriken nan chanpyona du mond Atletis ki pou dewoule nan Osaka o Japon le 25 Out. Etazuni ap chache konsève supremasi l kòm meyè ekip atletis mondyal apre yo ranpòte 14 meday dò nan edisyon 2005 la ki te dewoule nan Helsinki. Nan tèt ekip ameriken gen Jeremy Wariner, chanpyon sòtan 400 mèt la. Allyson Felix se aktyèl chanpyon 200 mèt feminen an.

Komite Olenpik Entènasyonal la non-men administratè franse Essar Gabriel kòm responsab Je Olenpik pou jè n yo. Misyon msye Gabriel se òganize premye edisyon je zolenpik Jè n yo pou adolesan ant 14 a 18 tan.

Cyclisme

Siklis Italyen Damiano ranpòte 4 trièm etap kous bisiklèt Tour Almay la. Chanpyon an tit la alman Jens Voigt konsève mayo jo n nan donk msye nan tèt klasman jeneral la. devan Danwa Chris Soerenson ak ameriken George Hincapie.

XS
SM
MD
LG