Accessibility links

Breaking News

Basketè Joachim Noah Elijib pou l jwe pou la Frans


Basketball

Wout la louvri pou vedèt baskètball Univèsite Florid Joakim Noah adopte sitwayènte fransez--yon desizyon kap pèmèt li jwe nan seleksyon basketball franse a. Noah ki gen pou jwe nan Chikago Bulls sezon pwochen an resevwa dokuman yo apre li pase plizyè mwa ap tann.

Football

Blesu footballè angle Wayne Rooney pran nan pye bay antrenè seleksyon an Steve MacLaren plis kè sote nan moman seleksyon an ap pare pou rankontre Almay pou match kalifikatif Ero 2008 la. Blesu sa a vinn ajoute sou yon lis byen long ki deja afekte Angle yo ki klase 4 trièm nan group E a ak 14 pwen. An plis de Rooney ki gen pye l kase e ki bezwen 6 semèn repo pou pipiti pa gen anpil chans pou Michael Owens jwe pwochen rankont la akoz li toujou ap retabli. Angletè gen pwoblèm nan liy defans la akoz blesu John Terry, Ledley King ak Jonathan Woodley ap soufri, Gary Neville ak Wayne Bridge san bliye ansyen kapitè n seleksyon an David Beckham.

An Espay Ajax Amsterda m dakò òf plis pase 36 milyon dola Real Madrid fè pou transfè Wesley Sneijder kap siyen yon kontra 5 kan ak klub Espayòl la. Real Madrid te deja gen sèvis Royston Drenthe ki se yon lòt Olandè. Real Madrid prezante ekskuz nan konpòtman li te genyen pandan periòd negosyasyon sou transfè Sneijder la lè yo te bay klub yon delè 3 jou pou l aksepte transfè 24 milyon Ero. Sa fè Real Madrid 3 zièm Olandè li siyen ak Rud van Nistelrooy ki te konn jwe nan Manchester United. Real Madrid pèdu 1 a 0 devan Seville Samdi nan kad match ale koup Wa Espay la. Real Madrid ap kòmanse defann tit li a fas a Atletiko de Madrid pandan weekend 25 e 26 Out.

An Bèljik antrenè seleksyon an Rene Vanderercken nonmen lis 21 jwè ki pral patisipe nan pwochen rankont Ero 2008 la kont la Sèbi le 22 Out. Peyi dè Gal publiye lis jwè ki pral rankontre Bulgari semen pwochè n nan nan kad preparatif Ero 2008 la. Match sa a antre nan kad preparatif avan peyi dè Gal rankontre ak Almay le 8 Septanb nan Cardiff ak Slovaki le 12 Septanb.

Defansè Irland du Nò a Aaron Hughes, kap jwe nan Fulham pap patisipe nan pwochen match peyi l gen pou jwe kont Liechtenstein 22 Out akoz yon blesu dapre lis 21 jwè antrenè a publiye jodi a. Irland du Nò kapab klase 2 zièm nan group F la devan Espay ak kondisyon li ranpòte la viktwa--yon group la Swèd ap domine.

Adolesan ameriken Freddy Adu kapab sou lis jwè rezèvis yo nan okazyon rankont Benfika de Lisbòn gen pou jwe demen Madi a kont FC Copenhag nan kad match kalifikatif ale lig dè chanpyon Eropeyen an.

Tennis

Sèb Novak Djokovic suprann numewo 1 tenis mondyal la Roger Federer ak 3 kout rakèt 7-6, 2-6, 7-6 pou l ranpòte tounwa tenis Montreal la. Pou Djokovic rive nan final la li te oblije bat ameriken Andy Roddick ak espayòl Rafael Nadal. Apre viktwa a Djokovic deklare se yon rèv ki tounen reyalite le fè ke li rive kale pwobableman meyè jwè tenis mondyal la. Djokovic tounen premye jwè tenis ki kale 3 meyè jwè tenis mondyal ( Federer, Nadal ak Roddick) nan yon menm tounwa. Lòt jwè ki te deja fè sa se te Boris Becker te kale Michael Stich, Pete Sampras ak Goran Ivanicevic youn apre lòt nan tounwa tenis Stockholm nan an 1994. Nadal ak Federer espere reprann fòm yo nan tounwa tenis Cincinnati a avan yal patisipe nan US Open nan dènye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a.

Sèb Ana Ivanovic ranpòte 2 zièm tounwa tenis pou ane a apre li woule Rus Nadia Petrova 7-5, 6-4 nan tounwa tenis feminen East West Classic la ki tap dewoule nan Carson Kalifòni.

Cyclisme

Òganizatè kous bisiklèt Tour DEspay la retire envitasyon yo te fè ekip bisiklèt Astana a pou l patisipe nan konpetisyon an apre 3 siklis ekip la teste pozitif pou wo nivo testosteron. Responsab yo fè anons la jodi a apre tès yo revele siklis Kazakstan Alexandre Vinokourov , Andrej Kashechkin ak Matthias Kessler yo tout teste pozitif pandan kous bisiklèt Tour de Frans la. Kous bisiklèt Tour dEspay la ap kòmanse 1 pou l fini 23 Septanb.

XS
SM
MD
LG