Olenpik Peken 2008
La Chin kòmanse kont a rebours Je Zolenpik Peken 2008 yo yon lane jou pou jou sou plas Tienamen nan kote plizyè milye moun te reyuni jodi a. Selebrasyon an dewoule nan moman gen kè sote pou polusyon pa retade kèk nan konpetisyon an plen-èr yo. Prezidan Komite Olenpik Entènasyonal la Jacques Rogge ki te prezan pandan seremoni an pataje kè sote militan ak ekip yo genyen.
Cyclisme
Òganizatè kous bisiklèt Tour Pwofesyonèl yon jounen nan Hambourg an Alman anonse siklis Espayòl Alberto Contador ki sot ranpòt kous bisiklèt Tour de Frans la pap patisipe nan konpetisyon le 19 Out. Rezon an dapre òganizatè yo se akoz Contador te mele nan yon skadal dopaj an Espay malgre yon tribunal espayòl te ekzonere l.
Atletisme
Je Univèsitè yo kòmanse ofisyèlman nan Bangkok ak patisipasyon an 20 mil fanatik te asiste seremoni ouvètu a. Konpetisyon an, kap dure 11 jou, louvri pou etudyan ki gen ant laj 17 a 28 tan pouvu yo pa abandone lekòl depi plis pase yon lane. Ant 9 a 10 mil atlèt te patisipe nan defile a. Atlèt yo ap patisipe nan 12 disiplin.
Federasyon Atletis Rus la anonse detantè rekò du mond lans mato Tatiana Lysenko pap patisipe nan chanpyona du mond Atletis ki gen pou dewoule mwa sa a nan Osaka O Japon apre manmzèl te teste pozisyon depi mwa Me a. Yekaterina Khoroshikh, yon lòt atlèt Rus, teste pozitif tou. --tou 2 rejte akuzasyon yo pandan yo refuze yon tès echantiyon B fè pou konnen si wi ou non yo te sèvi ak yon anabolizan. 2 atlèt yo gen pou prezante devan yon komisyon disiplinè.
Football
Unyon Football Eropeyen an ap ankete pwopo rasis fanatik football Montenegro te lanse kont footballè ameriken DaMarcus Besley ak franse Jean Claude Darcheville nan okazyon viktwa 1 a 0 Glasgow Rangers ranpòte devan FK Zeta nan Montenegro yè Madi a.
Federasyon Football Chinwa a non-men antrenè Ratomir Dujkovic kòm patwon seleksyon nasyonal la nan plan Zhu Guanghu ki te demisyone. Responsab ap finalize negosyasyon yo. Dujkovic se aktyèl antrenè seleksyon Olenpik la.
Brezil gen pou jwe yon amikal ak Meksik nan Gilette Stadium tou pre Boston Massachussets 12 Septanb. Antrenè Milan AC Carlo Ancelotti deklare jodi a Ronaldo ap anfòm pou l debute ouvètu chanpyona Italyen malgre lap rate match amikal Milanè yo gen pou jwe kont Real Betis Jedi.
Madan antrenè Manchester United la Cathty, entèdi mari l Alex Fergusson patisipe nan 2 match preparatif ekip la gen pou jwe pou l kapab rete ede l fè menaj nan yon apartman yon posede.
Tennis
Jwè tenis Sèb Novak Djokovic kale alman Nicolas Kiefer 6-3, 6-3 pou l kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis dè Mèt Montreal la. Tchèk Radèk Stepanek kalifye tou apre li suprann chilyen Fernando Gonzalez 6-7, 7-6, 6-4.
Endyen Sania Mirza supran Swis Martina Hingis ak yon viktwa an 3 manch 6-2, 2-6, 6-4 nan tounwa tenis East West Bank Classic feminen an.. Franse Marion Bartoli tonbe devan Rus Maria Kirilenko 7-6, 6-3. Chanpyon sòtan an Rus Elena Dementieva kale konpatriòt li Ekaterina Makarova 6-3, 6-1 CN-14
Baseball
Vedèt baseball San Francisco Barry Bonds make 756 zièm fwa li voye bou l la nan publik la pou l depase rekò Hank Aaron te bat sa gen 33 zan. Bonds bat rekò a devan pwòp publik nan San Françisco malgre ekip la pèdu devan Washington National. Bonds anba akuzasyon li ta pran steroyid. Kanta pou balon an, ke yon ti bway te trape, dapre ekspè yo li vo yon demi milyon dola.