Accessibility links

Breaking News

Kalifikasyon Je Zolenpik Peken 2008 yo Fikse pou fen Mwa a


Football

Peyi Karayib yo ap kòmanse faz eliminatwa Je Zolenpik Peken 2008 yo soti 31 Out pou rive 13 Septanb ak yon total 6 group. Aruba, Bahamas, Cuba, St Kitts and Navis, St Vincent and Granadines epi Trinidad and Tobago ap akeyi premye tou a. Venkè chak group yo ap kalifye pou 2 zièm tou a kap kòmanse an Oktòb ak yon triyangulè. Peyi ki ranpòte triyangulè a ap kontinye nan yon faz final KONKAKAF la. Ayiti trouve l nan group D a ak St Kitts and Navis epi Republik Dominikèn. Group sa a ap kòm 9 Septanb lè Sen Kitts and Navis ap rankontre Republik Dominikèn. Ayiti ap jwe kont Republik Dominikè n le 11 Septanb avan yo rankontre Sen Kitts and Navis le 13 Septanb.

Sezon football la demare an Frans, Beljik, Angletè ak Ekòs. An Frans Lyon kòmansye defann tit li ak yon viktwa konfòtab devan Auxerre. Malerezman Marseille, Toulouse, Rennes ak Lens pa ranpòte la viktwa nan okazyon premye jounen chanpyona a. An Ekòs Celtic Glasgow pral chache yon 3 zièm tit afile.

Ostrali anonse yon match amikal ak la chin an Oktòb pwochen nan kad preparatif pou eliminasyon koup du mond FIFA 2010 la.

Ronaldhino make youn pami 3 gòl Barselòn te bezwen pou l kale yon klub chinwa nan kad yon toune yap òganize sou kontinan Azyatik la. Franse Thierry Henry ap nan tèt klub Barselòn nan lè lap rankontre klub football Japonè Yokohama Marinos. Thierry Henry siyen yon kontra 88 milyon dola pou l ranfòse liy datak ekip la ki pase akote tit chanpyona Espayòl pou sezon an.

Footballè Alman Michael Ballack rejte bri kap kouri kòm kwa li pral jwe nan klub Espayol Real Madrid aloske lap jwe nan klub premye divizyon Angle Chelsea. Ballack di li pa gen oken kontak ak Real Madrid e ke li pa gen enterè kite klub la.

Ansyen gadyen Kolonbyen Rene Huguita ki gen 41 an retounen sou teren an nan yon klub Venezuelyen. Retou sa a fè 3 zan apre Higuita te teste pozitif pou uzaj kokayin--rezon ki te justifye revokasyonn nan yon klub Ekwatoryen.

DC United danse sou New England Revolution 3 a 0. Los Anjeles Galaksi ki pa gen sèvis David Beckham fè match nul 0 a 0 ak Toronto Football Club. Kolonbus Crew fè match nul 0 a 0 ak Chikago Fire. Kolorado Rapids tonbe 1 a 0 devan Dallas. Houston Dinamo pèdu 1 a 0 devan Real Salt Lake.

Je Olympik Peken 2008

Responsab Komite Je Zolenpik Peken yo anonse yo kanpe pwovizwaman sou plan yo te genyen pou anpeche yon milyon machin sikile mwa sa a nan kad tès yap fè pou kontwole polusyon ki blayi sou vil Peken. Responsab yo di yo toujou ap diskute sou plan entèdiksyon an. Plan an tap konenside yon lane jou pou jou avan debu konpetisyon an.

Natasyon

Najè franse Laure Manaudou revoke nan klub Italyen pou rezon disiplinè akoz yon ensidan ki rive pandan Open Pari a. Jounal La Près ki publiye nan vil Turen fè anons la jodi a san li pa bay twòp detay sou rezon desizyon an.

Basketball

Vedèt basketball chinwa Yao Ming ap marye jodi a nan seremoni djak sou djak kap dewoule nan Shangai. Yao Ming ansanm ak fiyanse l envite sèlman 100 moun pou patisipe nan yon seremoni prive. Msye da m yo renmen depi 1999.

Tennis

Ameriken Andy Roddick te fè anpil efò pou l kale konpatriòt li John Isner e ranpòte tounwa tenis Legg Mason nan isit Washington. Skò final la se 6-4, 7-6. Sa fè Roddick 23 zièm tit li ranpòte nan karyè l. Tounwa Legg Mason se youn pami tounwa tenis chofe jarèt avan tounwa tenis US Open nan.

Maria Sharapova ranpòte premye tounwa tenis li depi 10 mwa apre li kale Swis Patty Schnyder 6-2, 3-6, 6-0 nan tounwa tenis Accura Classik nan Kalifòni.

Boxing

Prezidan Kuben Fidel Castro fè konnen yo pap arete 2 boksè kuben ki te sove sa pa gen lontan pandan Je Panameriken yo. Otorite Brezilyen yo te jwen 2 boksè kuben ap flan-nen sou plaj nan Rio de Janeiro Jedi apre nouvèl te fè konnen ansyen sovadò yo ta siyen yon kontra ak yon chèn televizyon Alman. Sanble msye yo chanje lide e yo retounen nan Kuba depi yè Dimanch la.

Atletisme

Kourè Etyopyen Haile Gebrselassie ranpòte semi maraton New York la an 59 mini 24 sekond pou l konsève rekò l. Ameriken Abdi Abdirahman fini 2 zièm devan Kenyan Robert Cheruiyot. Kenyan Hilda Kibet ranpòte kategori meda m yo devan konpatriòt li Catherine Ndereba ak Neozelandè Nina Rillstone

XS
SM
MD
LG