Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral LONU an Ban Ki-moon Rive ann Ayiti


Objektif vizit sekretè jeneral LONU an ann Ayiti se pou l al evalye travay misyon nasyon zini an ann Ayiti, MINUSTAH e rankontre otorite ayisyen yo.

Pami otorite lidè LONU an genyen pou l rankontre genyen prezidan René Préval, premye minis Jacques Edouard Alexis, minis jistis la René Magloire e manm sosyete sivil la.

Yon lòt kote, gouvènman aysyen an poko bay reyaksyon l sou yon vòt non-konfyans chanm depite a bay minis Kilti a, Daniel Elie. Dènye fwa palman an te fè yon vòt konsa kont minis komès la, li te sètoblije bay demisyon l.

Klike sou lyen anlè a pou w koute korespondan nou k’ap reponn kesyon Ronald César.

XS
SM
MD
LG