Accessibility links

Breaking News

Brezil Depoze Dokuman Devan FIFA pou Koup du Mond 2014 la


Football

Federasyon Football Brezilyen an soumèt ofisyèlman dosye kanditu-l pou l akeyi koup du mond Football FIFA 2014-la san li pa bay twòp detay. Prezidan Federasyon an Ricardo Texeira renmèt yon dokuman 900 paj men li te refuze reponn kesyon jounalis sou budjè pou akeyi konpetisyon an. FIFA ap gen pou-l voye yon komisyon denspeksyon disi 27 out piou wè si dosye Brezil renmèt koresponn ak realite-a .

Entènasyonal brezilyen Romario ki fè pati delegasyon-an deklare “ Nou reprezante isi-a 180 milyon brezilyen e mwen sur ke Brezil gen kapasite a 100-pou-100 pou òganize yon evenman konsa. Btrezil chwazi 8 vil pami-yo Rio de Janeiro avèk son selèb Maracana pou akeyi rankont-yo.

Sepandan Prezidan FIFA a Sepp Blatter pa janm sispann deklare brezil dwe ranpli kondisyon lojistik e finansye sinon pòt ap louvri pou yon lòt peyi an deyò Amerik du Sud la. Dènye fwa Brezil te akeyi yon koup du mond se te an 1950. FIFA ap deside le 30 oktòbb̀ si wi ou non yap pèmèt Brezil òganize mondyal 2014-la. Yon delegasyon òganizasyon football entènasyonal la gen pou vizite peyi nan fen mwa sa a ak debu mwa Septanb la.

Football ameriken Freddy Adu ki gen 18 tan jwen yon antant pou l al jwe nan klub Eropeyen Benfica de Lisbòn an atandan rezulta yon ekzamen medikal. Yon responsab klub la, ki mande pou nonn pa site, di pa gen oken pwoblèm akoz pati konsène deja antann yo. Nouvèl yo ajoute transfè a kapab koute anviwon 2 milyon dola.

Antrenè Olandè Guus Hiddink di li ta renmen rete nan tèt seleksyon Rus la apre kontra l ekspire an 2008. Anons sa a fèt apre rumè te fè konnen Hiddink tap kite djòb la si Rus yo ta elimine nan koup dEròp dè nasyon an.

Antrenè Olenpik chinwa a Ratomir Dujkovic ta renmen pran tèt seleksyon nasyonal seniò a apre je zolenpik Peken 2008 yo. Aktyèl antrenè a Zhu Guanghu, poko renmè demisyon n apre eliminasyon seleksyon an nan koup Azyatik la. Nouvèl yo rapòte federasyon football chinwa a kòmanse chache yon ranplasan. Dujkovic te nan tèt seleksyon Gana ki te elimine nan faz dechoukaj koup du mond Almay 2006 la fas Brezil.

Cyclisme

Siklis Alman Patrick Sinkewitz ki ekspulse nan Tour de Frans-la pou kesyon dopaj avwe jodia ke li koupab . Li di efektivamn ke li te utilize yon jèl entèdi e li kondane tèt-li paske, pou li , se yon mank responsabilite pou ekip li-a ak koekipye-yo.

Tennis

Ansyen numewo 1 tenis mondyal feminen ameriken Lindsay Davenport ap retounen nan sikwi tenis pwofesyonèl apre li pran yon poz akoz lite ansent. Davenport pral patisipe nan tounwa tenis Wismilak Entènasyonal nan Bali an Endonezi an Septanb pwochen. Davenport, ki te ranpòte meday dò nan Je zolenpik Atlanta yo an 1996, fè konnen li ta renmen patisipen an je zolenpik Peken 2008 yo.

Rus Elena Dementieva remonte yon defisi pou l kalifye nan 2 zièm tounwa tenis Clasik Acura a kap dewoule nan Carlbad an Kalifòni. Dementieva kale Kolonbyen Catalina Castano an 3 sèt : 6-4, 3-6, 6-1. Swis Patty Schnyder kale ameriken Jamea Jackson 6-2, 6-1. Sèlman 4 pami meyè jwè tenis mondyal feminen ap patisipe nan tounwa a ane sa a

Swedwa Thomas Johansson kalifye pou 2 zièm tounwa tenis Legg Mason kap dewoule isit Washington. Johansson te bezwen 3 manch pou l kale adolesan Kolonbyen Santiago Giraldo. Johansson pral rankontre chanpyon sòtan an franse Arnaud Clement.

XS
SM
MD
LG