Accessibility links

Breaking News

Irakyen yo Selebre ak Kout Fizi Viktwa Seleksyon an


Football

Seleksyon football Irakyen an ranpòte pou la premyè fwa koup football Azyatik la gras ak yon viktwa tou mens 1 a 0 yo ranpòte devan Arabi Sawoudit. Irak pat menm favori pou pase nan 2 zièm tou a.

Konfederasyon Football Azyatik la anonse Katar ap akeyi tounwa football Azyatik la an 2011. Katar se te sèl kandida apre Iran ak End pat manifeste enterè pou akeyi konpetisyon an.

Antrenè Kore du Sud la Olandè Pim Verbeek demisyone apre li ede seleksyon an fini an 3 zièm plas nan koup Azyatik la. Kore du Sud te kale Japon sou tir de penalite Samdi.

Nan koup Superliga a D-C United kale klub Meksiken Amerika 1 a 0 pandan Houston Dinamo fè match nul 1 a 1 ak Monarkas Morelia. Tounwa aki rele Superlig mete fas a fas 4 klub MLS la ak 4 klub Meksiken. Mèkredi kap vini la a Dinamo ak akeyi DC United epi Amerika ap rankontre Morelia nan Chikago.

Nan Miami seleksyon nasyonal Ayiti tonbe devan klub Arjanten Boca Junior 2 a 0. Rankont la te jwe SAmdi devan anviwon 8 mil fanatik. Cyclisme

Retonbe sou eskandal dopaj ki frape 104 edisyon kous bisiklèt Tour de Frans la ap rapousib. Jodi a ekip Astana a revoke Kazakstan Alexandre Vinokourov apre li te teste pozitif pandan dewoulman konpetisyon an. Echantiyon B a revele jodi a msye te utilize yon substans entèdi apre li te fin ranpòte 13 zièm etap konpetisyon an ki fini yè Dimanch la

Atletisme

Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la ratifye rekò kourè Etyopyen Haile Gebrselassie te bat nan kous 20 mil mèt ak yon kous 1 hèd-tan. Federasyon an ratifye tou rekòm Etyopyen Meseret Defar te bat nan kous 5 mil mèt nan Nornèj.

Avoka kap defann kourè ameriken Justin Gatlin fè konnen yo prale an apèl pou entèdiksyon 8 tan Ajans Anti Dopaj Ameriken pran kont atlèt pou wè si msye kapab elijib pou je zolenpik Peken 2008 yo. Avoka yo pral prezante dosye a jodi nan Atlanta mwens ke yon lane depi li te aksepte entèdiksyon an nan yon konpwomi ak Ajans Ameriken an.

Kourè Brezilyen Franck Caldereira te kouri nan tout la ri Rio de Janeiro pou l ranpòte maraton Je Panameriken yo--dènye konpetisyon ki te dewoule yè Dimanch la avan klotu konpetisyon an. Gwatemaltèk Amado Garcia fini an 2 zièm pozisyon devan kourè Meksiken Procopio Franco. Nan tenis Brezilyen Flavio Saretta kale chilyen Adrian Garcia 6-3, 4-6, 7-6 pou l ranpòte meday dò. Nan Basketball Brezil kale Porto Riko 86 a 65 pou l ranpòte 3 zièm tit la. Urugwe kale Arjantin 99 a 93 pou l konsole l ak 3 zièm plas la.

Nan tablo meday yo Etazuni fini nan tèt ak yon total 97 meday dò. Kuba klase 2 zièm ak 59 meday dò epi Brezil fini an 3 zièm pozisyon ak 54 meday. Ayiti ranpòte yon meday de bronz gras a Joel Brutus.

XS
SM
MD
LG