Accessibility links

Breaking News

Palmantè Ayisyen yo Deside Regwoupe yo an Blòk Pou Yon Pi Bon Travay


Kèk depite ayisyen anonse yo pral regwoupe yo an blòk pou yo kapab ranpli misyon yo avèk plis efikasite e pou yo pi byen kontwole travay Egzekitif la.

Yon lòt kote, plis sektè ann Ayiti pote apui yo bay Polis Nasyonal la ki mete ansanm avèk ajan DEA pou konbat trafik dwòg nan peyi a. Dènye sektè ki ankouraje efò sa yo, se Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH).

An palan de Nasyon Zini, youn nan zotobre li yo ann Ayiti, ki t ap ouvè yon seminè sou dwamoun nan Jakmèl, fè konnen travay pou fè respekte dwa kretyen vivan se responsablite tout sektè nan peyi a. Anfen, yon lidè politik kritike gouvènman Préval-Alexis a ki, daprè lidè sa a, pa kenbe pwomès li te fè pou l ede peyizan yo.

Ayiti-Espò: Antrenè seleksyon nasyonal football ayisyen an, kiben Amelio Luiz Garcia, menase pou l kite pòs sa a si responsab Federasyon Football Ayisyen an (Fédération Haitienne de Football -FHF) pa aksepte kondisyon li poze pou l renouvle yon kontra k ap rive nan bout li nan fen mwa jiyè a. Daprè prezidan FHF la, doktè Yves Jean-Bart, negosyasyon toujou posib. Nou ka konnen plis nan bilten espòtif la avèk Jean Robert Philippe ki, nan Dosye Espò jodiya, pale yon fwa ankò avèk Guy Dumesle, prezidan delegasyon peyi Dayiti nan Je Pan Ameriken yo nan Rio de Janeiro, o Brezil.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG