Accessibility links

Breaking News

Operasyon Anti-dwòg yo Pral Kontinye ann Ayiti, daprè Pòtpawòl Anbasad Amerikèn nan


Ayiti-Dwòg: Pòtpawòl anbasad amerikèn nan nan Pòtoprens fè konnen ajan DEA pral kontinye operasyon y ap mennen ann Ayiti pou yo ede gouvènman an nan lit kont trafikan dwòg k ap sèvi ak peyi a kòm yon pasaj sou wout yo itilize pou yo voye dwòg Ozetazini. Pòtpawòl la fè deklarasyon sa a pandan yon vizit nan rejyon nò peyi a.

Weah nan Pòtoprens: Ansyen foutbolè e òm politik peyi Liberya, Georges Weah, twouve l nan Pòtoprens pou yon vizit ofisyèl ann Ayiti. Misye Weah --ki deja rankontre, antwòt, prezidan Chanm Depite a-- lanse apèl bay Ayisyen yo pou l mande yo fè enterè peyi yo pase anvan enterè pèsonèl yo.

Ayiti: Prizon ak Dwamoun.- Nan Depatman Latibonit, kèk militan dwamoun leve lavwa pou yo mande responsab lajistis yo ouvè je yo sou move kondisyon ki egziste nan prizon vil Gonayiv la.

-Kowoperasyon ekonomik ant Kanada ak Karayib la;- Kongrè Lèzetazini an ap fè revizyon nan politik depòtasyon imigran rejyon Karayib la ak Amerik Latin nan ki vyole lwa peyi a;-Jenn etranje ki t ap etidye lamedsin nan Kiba pran diplòm yo nan La Avàn.... Se kèk nan tèm Revi Karayib la semèn sa a (avèk Ronald César).- Epi, nan Demokrasi ann Aksyon Lyonel Desmarattes pale de wòl yon kretyen nan efò demokratizasyon k ap fèt nan yon peyi.

--------------------------------------------------

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG