Accessibility links

Breaking News

Pozisyon Manm Palman Ayisyen an sou Operasyon Ajan DEA nan Peyi Dayiti.


Nan peyi Dayiti, kèk manm palman an di yo byen apresye operasyon anti-dwòg ajan DEA yo ap mennen nan peyi a. Sepandan yo kritike fason ajan sa yo --ki te gen apui Polis Nasyon al Dayiti (PNH)-- te fè yon desantdelye lakay ansyen komisè polis, ansyen kandida a la prezidans e lidè Pati Rekonstriksyon Nasyonal la, Guy Philippe.

Pòtpawòl PNH la, komisè Frantz Lerebourg, pa t kapab satisfè demand laprès ki te vle li bay detay sou operasyon ajan DEA mennen lakay misye Philippe la. Daprè pòtpawòl la, ajan yo trete kesyon an kòm yon afè "top secret" e yo pa bay detay sou li. Pandansetan, Premye Minis Jacques Edouard Alexis fè konnen gouvènman n nan byen okouran ativite ajan DEA yo ki antre nan kad yon akò ki te pase ant Lèzetazini ak Ayiti.

Yon lòt kote, nan jounen 18 jiyè a, lajistis nan vil Ti Gwav tande depozisyon ki fèt nan kad pwosè 2 polisye ki anba akizasyon deske yo responsab disparisyon plizyè santèn kilo kokayin.

Anfen, nan "Dosye Spò" pou jounen 19 Jiyè 2007 la, Jean Robert Philippe resevwa Ernst Laraque, prezidan Federasyon Jido Ayisyen an. Yo pale de patisipasyon Ayiti nan Je Pan-Ameriken yo k ap dewoule nan Rio de Janeiro, o Brezil.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG