Accessibility links

Breaking News

Ayiti an Difikilte nan Je Panameriken yo


Je Panameriken

Ayiti pèdu nan Taekwondo devan Arjantin epi seleksyon U-17 la pèdu 1 a 0. Nou te pale ak chèf de misyon delegasyon Ayiti a Guy Dumesle.

Etazuni kontinye ap domine tablo meday Je Panameriken yo kap dewoule nan vil Rio de Janeiro o Brezil. Ameriken yo ranmase 77 meday pami yo 30 an ò. An 2 zièm pozisyon nou jwen Kuba ak 13 meday dò epi òganizatè konpetisyon an Brezil ak 10 meday an ò.

Nan semi final Volebòl la Brezil kale Etazuni 3 a 0. Nan football feminen Brezil savon-nen Ekwatè 10 a 0 epi Kanada krabinen Jamayik 11 a 1. Etazuni kale Arjantin 3 a 0 epi Meksik kale Panama 2 a 0.

Nan Baseball Etazuni fas ak Kuba an final pou meday dò a. Brezil reprann plas li kòm numewo 1 mondyal apre li finn ranpòte Kopa Amerika a.

Football

Jodi a nan Kanada Arjantin ap rankontre Chili nan semi final chanpyona du mond Juniò a. Venkè rankont la ap rankontre an final ak Republik Tchèk ki elimine Otrich ak yon viktwa 2 a 0.

Footballè Arjanten Roberto Ayala pran retrèt li sou sèn footbal entènasyonal la apre li jwe 115 rankont pou seleksyon an. Ayala, ki pral jwe nan Real Zaragoza di desizyon an pa gen anyen pou wè ak otogòl li te make pandan final Brezil kont Arjantin nan Kopa Amerika a.

Ansyen abit entènasyonal Italyen Pierliuigi Collina non-men kòm responsab pou seleksyone abit pou match premyè ak 2 zièm divizyon Italyen an.

Antrenè seleksyon chinwa a Zhu Guanghu prezante ekskuz li pou eliminasyon seleksyon an depi nan premye tou Koup Azyatik la men li pa vle bay demisyonn. Msye pran responsabilite echèk seleksyon an. Uzbekistan suprann la chin ak yon swif 3 a 0.

Tennis

Rus Marat Safin kale Swis George Bastl an 3 manch 6-2, 2-6, 6-4 nan tounwa tenis Classic kap dewoule nan Los Anjeles. Safin pral rankontre Sud Koreyen Lee Hung-taik ki kalifye apre li elimine Sud Afriken Wesley Moodie ki abandone rankont la akoz yon pwoblèm nan jenou. Lòt kalifye yo se alman Nicolas Kiefer ak Michael Berrer.

Alman Martina Mueller kalifye pou kar de final tounwa tenis feminen Parlerme nan an. Mueller pral rankontre Italyen Flavia Panetta ki elimine Woumen Edina Gallovis. Italyen Sara Errani kalifye pou kar de final la tou.

XS
SM
MD
LG