Accessibility links

Breaking News

Brezil Konsève Tit Kopa Amerika a


Football

Brezil suprann seleksyon Arjantin nan ak yon viktwa 3 a 0 pou l ranpòte pou yon 2 zièm fwa afile Kopa Amerika a ki tap dewoule o Venezuela. Meksik kale Urugwe 3 a 1 pou l konsole l ak 3 zièm plas la.

Chili make 4 gòl pandan pwolongasyon pou l kale Nijerya e kalifye pou semi final chanpyona du mond Juniò a kap dewoule nan Kanada. Chilyen yo ap rankontre an semi final Jedi fas a Arjantin ki elimine Meksik 1 a 0. Lòt semi final la kap dewoule Mèkredi Otrich kont Republik Tchèk. Otrichyen yo elimine Etazuni gras ak yon gòl yo make pandan pwolongasyon apre tan reglemantè a te fini 1 a 1. Republik Tchèk kale Espay 4 a 3 sou tir de penalite.

Baren remonte yon defisi pou l kale Kore du Sud 2 a 1 nan tounwa football Azyatik la. Iran fè match nul 2 a 2 ak la Chin . Emira Arab Uni yo kale Katar 2 a 1 nan group B a. Final Koup Azyatik la kap dewoule nan 4 peyi a( Malezi, Tailand, Endonezi, Vyetnam) fikse pou 29 Juyè nan Jakarta.

Ansyen antrenè Real Madrid la Italyen Fabio Capello fè konnen lap etudye posibilite pou l aksepte yon djòb antrenè Ozetazuni apre dirijan Real Madrid yo revoke l malgre ekip la ranpòte chanpyona Espayòl la. Capello, ki te konn antrene Milan AC ak Juventus de Turen, fè konnen li resevwa òf nan men lòt klub tankou Lokomotiv de Moskou ak Dinamok de Kiev.

Responsab klub Angle Liverpool yo anonse yo pral soumèt bay Katèl Majistra vil la plan revize konstruksyon yon nouvo stad. Klub la toujou vle bati yon stad 60 mil plas ak posibilite pou l ogmante kapasite a 80 mil plas ki kapab koute 570 milyon-800 mil dola

Klub Angle Manchester United rive nan Tokyo o Japon nan kad toune yap fè sou kontinan Azyatik la. United gen pou l jwe yon rankont demen Madi a kont Urawa Red Diamonds nan Saitama avan yo mete tèt pou Sewoul, Macau ak Guangzhou.

Klub Angle Chelsea kap fè yon virewon Ozetazuni ranpòte yon viktwa kont klub Meksiken Amerika 2 a 1. Chelsea gen pou l rankontre Los Anjeles Galaksi ak David Beckham.

Seleksyon football feminen ameriken ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan la Norvèj nan kad preparatif pou koup du mond footbal feminen an ki gen pou dewoule an Chin.

Gana kalifye pou semi final tounwa footbal feminen je Afriken yo kap dewoule nan Aljeri. Ganeyen kalifye apre yo tronse Senegal 3 a 0 yè Dimanch la. Gana ap rankontre Afrik du Sud nan semi final la. Sud Afriken yo elimine Etyopi 3 a 1. Nijerya ap rankontre Aljeri nan lòt semi final la. Nan tablo meday yo Afrik du Sud klase 2 zièm ak 40 meday pami yo 18 an ò devan Tunizi gen 40 meday ak 10 an ò epi Ejipt ki gen 27 pami 8 an ò. Je Afriken yo ap fini 23 Juyè.

Volleyball

Brezil konsève tit chanpyon du mond Volèbòl apre yo kale la Rusi an 3 set an Polòy.

Tennis

La Rusi kalifye pou final Koup Konfederasyon an apre yo elimine Etazuni 3 viktwa a 2 nan Stowe, Vermont. Rus yo pral rankontre nan final la ak Itali ki elimine la Frans ak 3 viktwa kont 2 defèt. Final la fikse pou 15 e 16 Septanb.

XS
SM
MD
LG