Accessibility links

Breaking News

Ann Ayiti, MINUSTAH Rapòte Pwogrè nan Lit kont Ensekirite a


Ayiti-Sekirite: Responsab Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH) fè konnen yo fè pwogrè nan lit kont ensekirite y ap mennen atravè peyi a, an kolaborasyon ak Polis Nasyonal Dayiti (PNH). Yon pòtpawòl misyon an pale jedi 12 jiyè a pou l di gwo kantite arestasyon ki fèt yo, se yon siy ki montre lit la bay bon rezilta.

Ayiti-Kowoperasyon: Anbasadè Taywann nan Pòtoprens, ki t ap vizite Depatman Sid la, fè konnen peyi li dispoze finanse konstriksyon wout ki pral lye vil yo ak zòn ki byen lwen nan aryè-peyi a. Seri pwojè sa yo gen ladan yo konstriksyon twonson wout Pò-Sali/Pòt-A-Piman ki pral koute preske 30 milyon dola ameriken.

Kanada-Brezil: Gouvènè Jeneral Kanada a, Michaelle Jean (ki te pran nesans ann Ayiti) ap vizite Brezil anvan yon toune Premye Minis kanadyen an, Stephen Harper, genyen pou l fè nan peyi sa a ak lòt kote nan Amerik Latin nan. Jounalis Jean Saurel --ki baze nan Monreyal-- ede n konprann objektif vizit Gouvènè Jean an.

Ayiti-Ekonomi: Otorite ayisyen yo ap inogire vandredi 13 jiyè a yon sant envestisman nan Pòtoprens. Objektif sant sa a se, antwòt, ede envestisè potansyèl yo (ayisyen kou etranje) ranpli pi fasilman fòmalite ki nesesè pou yo ouvè biznis nan peyi a.

Ayiti-Dwa Timoun : Se tèm Jacquelin Bélizaire devlope semenn sa a nan segman "Pawòl Timoun".

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG