Accessibility links

Breaking News

Kous Bisiklèt Tour de Frans la ap Demare Demen Samdi a


Cyclisme

Cycling / Tour de France Se demen Samdi a kous bisiklèt Tour de Frans la ap demare nan vil Lond ak prelud 7 kilomèt 9. ak patisipasyon 189 siklis ki fè pati 21 ekip. Responsab Unyon Siklis Entènasyonal la siyen yon dokuman ki konfime tout tès anti dopaj yo negatif. Siklis yo gen pou travèse Angletè Dimanch avan yo antre an Beljik ak la Frans. Ameriken Lance Armstrong ki ranpòte konpetisyon 7 fwa pap prezan non plis chanpyon sòtan an. Floyd Landis ki te ranpòte edisyon 2006 la ap men-nen yon lut devan la justis pou l konsève tit la apre responsab yo te akuze l kòm kwa yo te jwen yon wo nivo testosteròn nan urin li apre li te finn ranpòte konpetisyon an. Skandal siklis yo ap chache fè publik la bliye.

Football

Arjantin kale Paragwe 1 a 0 pou l fini nan tèt group C a pou l rankontre Pewou Dimanch nan kar de final la pandan ke Paragwe pral rankontre ak Meksik. Kolonbi ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Etazuni-2 ki elimine nan konpetisyon an. Demen Samdi nan lòt kar de final la Brezil ap jwe kont Chili epi Urugwe kont Venezuela.

Gambi kale Nouvèl Zeland 1 a 0 nan kad chanpyona du mond Juniò a kap dewoule nan Kanada. Ganbi kapab kalifye pou 8 tièm de final la akondisyon li kale Portugal Dimanch. Toujou nan group C a Meksik rete envenku gras a viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Portugal. Otruch gen yon pye l nan faz dechoukaj la apre viktwa 1 a 0 li ranpòte devan Kanada nan group A a. Chili danse sou Kongo 3 a 0. Konpetisyon an ap rapousib jodi a lè Brezil ap rankontre Etazuni epi La Polòy kont Kore du Sud. Republik Tchèk kont Panama epi Arjantin kont Kore du Nò.

Nan MLS la Houston Dinamo wouze New York Red Bulls 4 a 0.

Basketball

P.J. Carlesimo retounen nan NBA a kòm nouvo antrenè Seattle Supersonics apre li pase 5 kan kòm asistan antrenè San Antonio Spurs. Carlesimo ranplase Bob Hill ki revoke apre ekip la fini sezon an ak 31 viktwa 51 defèt.

Kobe Bryant fè konnen li prezante ekskuz li bay dirijan Los Anjeles Lakers yo pou fason li te eksprime ensatisfaksyonn ak klub la juskaske li mande transfè. Bryant fè kòmantè a nan moman lap prepare pou kòmanse antrene ak seleksyon baskètball ameriken an 20 Juyè nan Las Vegas, Nevada.

XS
SM
MD
LG