Football
Perou, Venezuela, kalifye pou kar de final Kopa Amerika a kap dewoule O Venezuela. Peruvyen yo kalifye apre yo fè match nul 2 a 2 ak Bolivi epi Urugwe fè match nul 0 a 0 ak Venezuela. Urugwe ki gen 4 pwen kapab kalifye kòm meyè 3 zièm nan group la.
Jodi a nan Puerto de la Cruz Meksik, ki deja kalifye pou pwochen tou a, ap jwe kont Chili epi Brezil pral amuze l ak Ekwatè.
Nan Kanada yon total 22 gòl make nan 4 rankont ki jwe nan chanpyona du mond Juniò a yè Madi a Etazuni remonte yon defisi pou pilon-nen la Polòy 6 a 1. Freddy Adu make 3 gòl nan piyay la. Brezil reprann kap li nan chanpyona a apre yo te pèdu match douvètu a. Brezilyen kale Kore du Sud ak difikilte 3 a 2. Kore du Nò fè match nul 2 a 2 ak Republik Tchèk. Arjantin toupizi Panama 6 a 0. Jodi a Urugwe kont Jordani epi Zambi kont Espay. Rankont sa yo ap jwe nan Burnabi Kanada. Lòt rankont nan Viktoria Kosta Rika kont Japon epi Ekòs kont Nijerya.
Je Zolempik
Prezidan Komite Olempik Entènasyonal la Jacques Rogge fè konnen mouvman olenpik la dwe adapte l si l vle enpòtan pou pwochen jenerasyon yo. Deklarasyon sa a fèt nan okazyon seremoni douvètu 119 vièm sesyon òganizasyon an kap dewoule nan Gwatemala Citi. Youn pami ide prezidan soulve se posibilite pou ta gen yon je pou jè n yo. Komite a gen pou anonse jodi a vil kap akeyi je zolenpik dhivè yo an 2014--yon evenman prezidan Rus la Vladimir Putin, Sud Koreyen Roh Moo-hyun ak chanselye Otruchyen Alfred Gusenbauer ki reprezante 3 vil ki nan tèt sondaj yo.
Tennis
La pli ankò ....Nou pral dabò kay medam-yo nan tounwa tenis Wimbledon-nan kap dewoule nan vil Londr. Amerikèn Vénus Williams elimine numewo 2 mondyal-la , rus Maria Sharapova an 2 sèt : 6-1, 6-3. Lap rankontre ak rus Jelena Kunetsova ki limen-men elimine otrichyèn Pas-zèk an 2 sèt : 6-3, 6-2.Kalifikasyon tou fransèz Marion Bartoli ki elimine Michaella Kraychèk an 3 sèt : 3-6, 6-3, 6-2. Lap tann konnye-a venkè match kap jwe konnye la-a ant Serena Williams ak Justin Henin Hardenne . Henin ap nmen-nen yon sèt sou Serena. kalifikasyon pou sèb Anna Ivanovitch. Kay mesye-yo , akoz la pli, Rapaèl Nadal te bezwen 5 jou pou elimine sewdwa Robin Soderling an 5 sèt : 6-4, 6-4, 6-7, 4-6, 7-5. Ameriken Anddy Roddick te bezwen 3 sèt pou fini konpetisyon-an pou fransè Paul Henri Matthieu : 6-2, 7-5, 7-6. nan duèl 100-pou-100 fransè-a , Richard Gasket kalifye pou kar de final apre li elimine Jo-Wilfried Tsonga an 3 sèt : 6-4, 6-3, 6-4.