Accessibility links

Breaking News

Palman Ayisyen an di Egzekitif la Dwe Konsilte l sou Kesyon Privatizasyon an.


Ayiti Politik: Kèk depite fè konnen Pouvwa Egzekitif la fèt pou konsilte palmantè yo --reprezantan dirèk pèp la-- anvan li pran desizyon sou kesyon pou konnen eske Leta Ayisyen ap privatize antrepriz piblik yo.

MINUSTAH/Polis Nasyonal Dayiti: Yon lòt kote, yon otorite nan Fòs Nasyonzini an ann Ayiti deklare youn nan priyorite misyon an se travay pou ranfòse Polis Nasyonal Dayiti a.

Ayiti-Dezameman: Pandansetan, nan Vale Latibonit la, kèk abitan remèt zam yo te posede depi yon konfli pou tè te oblije yo chache manchèt, revolvè, fizi, elatriye, mete lakay yo. Lapolis fè yon distribisyon zouti agrikòl pou ranplase zam sa yo.

Ayiti-Jistis: Anfen, Asiz Kriminèl yo kòmanse nan vil Mirebalais kote yon ansyen manm dyaspora a konparèt devan lajistis sou akizasyon deske li ta komèt 2 asasina.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG