Accessibility links

Breaking News

Pozisyon Sektè Prive a sou Rapò Goud la ak Dola Ameriken an.


Ann Ayiti, sektè prive a mande otorite finans peyi a fè yon ouvè je sou rapò monè nasyonal la ak dola ameriken an ki, depi kèk tan deja, sanble ap pèdi pye devan goud la. Reyaksyon pozisyon sa a pwovoke, montre se pa tout sektè ki gen menm opinyon sou kesyon an.

Yon lòt kote, nan Ti Gwav, patizan OPL yo te òganize yon "sit-in" lendi 2 jiyè 2007 la devan palè jistis vil la pou yo mande jistis pou yon manm pati a ki te tonbe anba bal sa pa gen lontan. Anfen, nouvèl ki sòti nan vil Okay fè konnen yon ekip medikal ameriken ap fè yon virewon nan peyi a nan kad yon misyon kote manm ekip la ap ede popilasyon an fè fas ak bezwen sante li.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG