Accessibility links

Breaking News

Koup du Mond Juniò ap Demare Demen nan Kanada


Football

Se demen Samdi a nan Kanada chanpyona du mond Juniò a ap demare ak patisipasyon 24 peyi. Panama, Kosta Rika, Etazuni ak Meksik ap reprezante zòn KONKAKAF la. Nan Montreal Brezil ap rankontre Polòy epi Kore du Sud kont Etazuni. Nan Otawa toujou nan menm jounen 30 Jwen an Kore du Nò kont Panama epi Arjantin kont Republik Tchèk. Final la fikse pou 22 Juyè.

Tiraj osò koup UEFA pou klub yo dewoule nan vil Nyon jodi a ak patisipasyon 74 klub ki divize an 3 zòn. Match ale a ap kòmanse 19 Juyè epi match retou yo fikse pou 2 Out.

Antrenè alman Bernd Schuster, kap antrene klub espayòl Getafe, di gen posibilite pou l non-men kòm antrenè Real Madrid nan semen kap vini la yo dapre entèviou li bay yon jounal akondisyon responsab Getafe yo pa kanpe sou wout li.

Peyi ki fè pati Federasyon Football Amerik du Sud ak Meksik e Etazuni gen jounen jodi a pou repoze yo avan match yo kontinye demen Samdi a nan Kopa Amerika a lè Bolivi ap rankontre Urugwe epi Perou kont Venezuela. Rankont sa yo ap jwe nan San Cristobal pou group A a.

Paragwe pilon-nen Kolonbi 5 a 0 epi Etazuni tonbe fas anba devan Arjantin 4 a 1--yon rankont ki te sanble plis yon antrenman pou arjanten yo.

Isit Ozetazuni balon pral woule nan Lig football balonwon ameriken an demen Samdi a Houston Dynamo pral lakay Dallas. New York Redbulls ap vizite Kolonbus Crews. Chivas USA ap akeyi New England Revolution. Dimanch Kolorado pral lakay Chikago pandan Kansas ap akeyi Toronto Football Klub. Yè Jedi a D C United wouze Kolorado Rapids ak gòl 4 a 1.

Responsab klub ameriken Los Anjeles Galaksi anonse yap prezate bay publik la ansyen kapitè n seleksyon angle a David Beckham ofisyèlman le 13 Juyè. Beckham kapab jwe premye rankont li nan fòmasyon klub ameriken an le 21 Juyè nan okazyon match amikal ak klub Angle Chelsea.

Tennis

La pli tonbe ankò jodi-a nan okazyon 5e jounen Wimbledon-nan, tounwa tenis Gran Chelem kap dewoule nan vil Londr ann Angletèr. Sepandan, numewo 1 mondyal kay medam-yo Justin Henin fini match-li ki te kanpe-a pou tounen premye jwè ki kalifye pou 4e tou-a. Li kale rus Elena Vesnina an 2 sèt : 6-1, 6-3. La pli te suspann match-la pou plis pase une heure de temps. Pwochen advèsè-l-la rele Patty Schnyder , moun peyi La Suis ki li-menm elimine an 3 sèt 6-3, 3-6, 8-6 ukrenyèn Alona Bondarenko. La pli-a pratikman kanpe : paul Henri Matthieu ap jwe kounye-a kont Ivan Lubicic . Pita , numewo 1 mondyal-la Swis Roger Federer ap gen pou rankontre ak rus marat Safin.

Basketball

Portland Trail Blazers seleksyone Greg Oden ki tap jwe nan Ohio State kòm numewo 1 seleksyon nouvo venu nan NBA a. Seattle Supersonics seleksyone Kevin Duran ki sotinan Univèsite Tekzas kòm numewo 2. Boston Celtics te seleksyon Jeff Green men yo te boukante l ak Seattle Supersonics. Atlanta Hawks seleksyone basketè dominiken Al Horford kap jwe nanUnivèsite Florid. Milwaukee seleksyone chinwa a Yi Jianlian ki gen 19 van. Chikago Bulls seleksyon Joakim Noah pitit gason jwè tenis franse Yanick Noah.

XS
SM
MD
LG