Accessibility links

Breaking News

Yon Moun Mouri, 4 Blese Grav Nan Yon Desant Delye Lapolis fè Nan Vil Tigwav


Yon kretyen-vivan pèdi lavi li e 4 lòt blese anba bal nan vil Tigwav apre yon gwoup moun tonbe sou polisye ki t'al eseye arete kèk moun la justis ap chache. Ensidan-an rive pandan moun yo tap patisipe nan yon resepsyon ki tap dewoule pou selebre yon "graduasyon". Jounalis Montigène Sincère ap devlope pwen sa a pou nou nan yon korespondans depi site Faustin Soulouque la. Yon lòt kote, se anplwaye santral telefonik Teleco ki menase pou yo deklanche yon grèv pou denonse plan dedomajman gouvèman an ofri pèsonèl li pral mete "an retrèt" ou ranvwaye nan kad yon plan privatizasyon antrepriz l'Eta sa a. Alfred Jean va di n' plis nan yon korespondans depi vil Gonaïves. Epi pou n' fini, jounalis Jean Martinez enfème depi metwopòl Sudès la (Jacmel) Minustah ak plizyè gwoup ak òganizasyon lokal kap lite kont fenomèn dwòg la te mete sou pye madi yon konferans pou montre enpak dwòg kapab genyen sou sosyete a e sou jèn yo an patikilye.

Ale sou lyen ki anlè atik sa a e fè yon klik sou tit la pou devlopman aktyalite sa yo avèk Jacquelin Belizaire, Marie-Luce Pierre e ak diferan korespondan ak kolaboratè Sèvis Kreyòl Lavwad'lamerik la.

XS
SM
MD
LG