Accessibility links

Breaking News

Yon Komisyon Sena Ayisyen an Mete Fen nan yon Ankèt sou Koripsyon sou Rejim Tranzisyon an


Ayiti Politik: Nan peyi Dayiti, Komisyon Afè Etranjè Sena a mete fen nan yon ankèt li t ap mennen sou swadizan koripsyon ki ta genyen nan Ministè Afè Etranjè a sou gouvènman tranzisyon Latortue-Alexandre nan. Yon lòt kote, otorite Fòs Mentyen Lapè l ONU an (MINUSTAH) lanse apèl bay popilasyon an an jeneral pou mande l ede lapolis ak fòs entènasyonal la nan efò y ap fè pou yo mete men sou lidè gang Amaral Duklona ki gen pou l reponn akizasyon deske li komèt anpil zak kriminèl.

Ayiti Kiltirèl : Jodi vandredi a e pandan rès wikenn nan, anpil atis ayisyen ak etranje ap reyini nan Sitadèl Anri Kristòf la, nan Depatman Nò a, pou lansman sa yo rele "Caraibes en Créations". Daprè Minis Kilti ak Kominikasyon ayisyen an, Daniel Elie, objektif aktivite sa a se chache plis rapwochman ant peyi nan rejyon karayib la --an tou ka sou plan kiltirèl la.

Ayiti-Sosyete: Anfen, depi kèk tan deja pawòl ap pale pou di ta genyen yon trafik timoun k ap fèt sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan. Yon militan dwa moun ki baze nan Pòtoprens, Madame Colette Lespinasse, denonse aktivite sa yo e li lanse apèl bay otorite yo pou yo ouvè je sou sitiyasyon sa a.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG