Accessibility links

Breaking News

Pozisyon Opozisyon an sou Mwayen Pou Leta Amelyore Kondisyon Lavi a ann Ayiti 


Ayiti-Politik: Nan peyi Dayiti, yon lidè opozisyon an, pwofesè Victor Benoit, bay opinyon n sou administrasyon Préval-Alexis a depi 12 mwa ekip gouvènmantal la sou pouvwa a. Misye Benoit evalye travay Pouvwa Egzekitif la kèk jou sèlman apre Premye Minis Jacques Edouard Alexis te prezante yon bilan sou reyalizasyon gouvènman n nan pou peyòd janvye-me 2007 la.

Ayiti-Kowoperasyon.- Yon lòt kote, anbasadè kanadyen an ann Ayiti, Claude Boucher, fè konnen Ottawa dispoze kontinye kowopere avèk gouvènman ayisyen an. Se konsa, pandan diplomat la t ap fè yon vizit Okay, li anonse Kanada pral finanse travay reparasyon santral idwo-elektrik vil sa a.

Spò.- Anfen nan foutbòl, nouvèl yo fè konnen 11 sou 13 manm seleksyon nasyonal Ayiti a (mwens ke 17 tan) ki te disparèt pandan yo t ap fè eskal nan New York --alòske yo te sou wout pou Kore di Sid kote yo ta pral reprezante KONKAKAF la nan yon tounwa foutbòl), retounen nan seleksyon an. Jiskaprezan, 2 lòt yo poko reponn a lapèl... Epi -antwòt nouvèl sou spò- nan NBA a (touwa basketball pwofesyonèl la o Zetazini) ekip San Antonio a, San Antonio Spurs, ranpòte chanpyona pou yon katriyèm fwa.

Klike sou lyen anlè a pou w koute detay nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG