Premye-Minis Ayiti a, Jacques Edouard Alexis, gen pou l' konparèt devan Palman an, fwa sa a sou envitasyon Senatè yo, pou li abòde dosye sekirite ak prizon. Senatè Youri Latortue, ki alatè komisyon k'ap sipèvize sektè sa a, di li nesesè pou yo konnen sa gouvènman an ap fè sou kesyon nouvo fòs ki pou apiye Polis Nasyonal la. Anmenm tan, Gran Kò a gen kesyon sou prizon ki dwe konstwi pou soulaje penitansye kapital la ki pa gen kapasite pou li akeyi tout prevni lajistis ap voye ladan n yo.
Rotchild François, Jr. gen detay nouvèl sa a, depi Pòtoprens. Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w koute repòtaj li a.